Kachkach nan Glas

Tibebe Lè pou jwe

Èske ou gen yon glas lakay ou? Kenbe pitit ou a epi parèt devan glas la, rale kò w, reparèt epi di “koukou!” lè nap gade nan glas la ansanm epi “Babay!” lè nap rale kò nou. Ale rapid epi ale dousman. Èske yo voye men bay glas la epi yo mande pou nou kontinye? Swiv siy yap ba nou.

Wè sa ki pitit ou a aprann

Kalite “kachkach” sa a ede pitit ou a mete konsantrasyon yo anpratik, toutpandan yon fason amizan, yap aprann bagay yo ak moun yo ka disparèt epi retounen. Konprann sa a ba yo baz pou yo gen relasyon ak lòt moun ki pozitif ki chita sou konfyans pandan tou vi yo, kòmanse sou ou!

Share this tip


Gid Ki Gen Rapò Ak Laj

6 Mwa

Tibebe w la ap aprann anpil bagay! Dekouvri evènman, pwogram, ak enfòmasyon pou ede sipòte kwasans li.

9 Mwa

Ou genyen sa ki nesesè pou ede tibebe w la aprann! Dekouvri konsèy ak resous ki kapab ede w kore devlopman tibebe w la.

1 Lane

Pitit ou a ap aprann epi l ap grandi! Jwenn evènman, pwogram, ak konsèy pou ede sipòte kwasans li.

Plis Konsèy Konsa

nan kizin nan avèk pitit ou, pale de sa wap fè, Sitou si ou ... Eseye konsèy sa a
Èske pitit ou a renmen lè wap souke yo pandan ou mete yo sou... Eseye konsèy sa a