Rabè chak mwa sou sèvis entènèt

Affordable Connectivity Program (ACP) | Komisyon Federal pou Kominikasyon (Federal Communications Commission, FCC)

Lajan kach ak depans Tout moun

Pwogram Koneksyon Abòdab la (ACP) bay lakay ou yon rabè $30 sou sèvis entènèt chak mwa. W ap bezwen enskri pou yon plan nan men yon founisè entènèt k ap patisipe nan pwogram nan.

  • Avèk ACP, ou kapab jwenn yon:
    • Rabè sou sèvis: jiska $30 rabè chak mwa sou yon plan entènèt ak lokasyon ekipman.
    • Rabè sou aparèy: jiska $100 rabè pou yon laptòp, tablèt oswa òdinatè (ou pral bezwen peye yon kopeman ki ant $10 ak $50).
  • ACP se yon ranplasman Avantaj Entènèt Ijans Rapid la (Emergency Broadband Benefit, EBB).
    • Si ou te enskri nan EBB, w ap jwenn rediksyon mansyèl $50 EBB a jouk rive 1ye Mas 2022. Apre sa, ou ka transfere nan ACP pou jwenn yon rabè $30. Founisè w la ap fè w konnen si w transfere nan ACP.
  • Ou pa bezwen yon sitwayen ameriken oswa ou pa bezwen gen yon Nimewo Sekirite Sosyal (Social Security Number, SSN) pou w kalifye.
  • Lè w ap enskri pou sèvis entènèt atravè ACP lakay yon founisè entènèt:
    • Founisè a ta ka verifye kredi ou. Sepandan, yo pa ka sèvi ak rezilta verifikasyon kredi a pou anpeche w enskri nan ACP.
    • Yon founisè pa ka refize enskri w inikman poutèt ou dwe yon lòt founisè entènèt lajan.

Ki moun ki kalifye

Fanmi w (fwaye w, kay ou a) kalifye si sèlman ou ka reponn wi pou omwen youn (1) nan kesyon sa yo:

  • Èske yon moun nan kay la resevwa avantaj Lifeline?
    • Si wi, ou otomatikman kalifye pou ACP. Kontakte konpayi entènèt ou a pou aprann kijan pou kòmanse jwenn rabè ACP.
  • Èske gen yon manm nan fanmi an ki patisipe nan youn (1) nan pwogram gouvènman sa yo?
    • Pwogram Èd Nitrisyon Siplemantè (Supplemental Nutrition Assistance Program, SNAP)
    • Medicaid
    • Fanm, Tibebe ak Timoun (Women, Infants and Children, WIC)
    • Revni Sekirite Siplemantè (Supplemental Security Income, SSI)
    • Èd Federal pou Lojman Piblik (Federal Public Housing Assistance, FPHA)
    • Avantaj Pansyon pou Veteran ak Sivivan
  • Èske gen yon manm nan fanmi an ki te resevwa yon Sibvansyon federal Pell pou ane aktyèl la?
  • Èske gen yon manm nan fanmi an ki jwenn manje midi oswa manje maten gratis a yon pri redui nan lekòl li a?
    • Sa gen ladan li tout elèv ki ale nan yon lekòl piblik ki gen Jadendanfan jiska klas 12yèm ane nan vil New York.
  • Èske revni fanmi ou rive nan oswa li pi ba pase limit revni ki nan tablo sa?
Kantite moun k ap viv nan kay la Revni w (200% oswa mwens pase nivo povrete federal la)
1 $27,180
2 $36,620
3 $46,060
4 $55,500
5 $64,940
6 $74,380
7 $83,820
8 $93,260
Pou chak moun anplis ajoute $9,440

Ki sa ou bezwen pou aplike

Men kèk dokiman ou ka bezwen pou pwouve elijibilite w pou ACP:

  • Prèv ki di ou patisipe nan yon pwogram tankou SNAP, Medicaid, oswa WIC.
  • Prèv revni moun nan kay ou
  • Pyès idantite ou
  • Prèv adrès ou

Kouman pou aplike

Aplike sou entènèt

  1. Ranpli aplikasyon sou entènèt la (li disponib an Angle ak Panyòl)
  2. Yo ka apwouve w touswit apre w fin aplike a. Si sa pa fèt, w ap bezwen soumèt plis dokiman ki pwouve kalifikasyon w.
  3. Apre yo fin apwouve aplikasyon w lan, chwazi yon founisè ACP epi enskri nan sèvis entènèt yo a.

Aplike pa Lapòs

  1. Enprime epi ranpli aplikasyon an Anglè a oswa an Panyòl la (enstriksyon yo disponib tou nan 8 lang anplis).
  2. Sanble dokiman w yo:
    • Prèv idantite ak adrès
    • Si ou pa gen yon SSN, soumèt yon lòt prèv.
    • Epitou, w ap bezwen youn (1) nan bagay sa yo:
      • Prèv patisipasyon w nan pwogram lan
      • Prèv revni pou fanmi an
  3. Voye aplikasyon ak dokiman ou an nan:
    • ACP Support Center
      PO Box 7081
      London, KY 40742
  4. Apre yo fin apwouve aplikasyon w lan, chwazi yon founisè ACP epi enskri nan sèvis entènèt yo a.

Aplike pa telefòn

Rele yon founisè ACP pou aplike pou ACP epi chwazi yon plan entènèt ki tou gen rabè ladan l.


Kòman ou kapab jwenn èd

Vizite sit entènèt la

Vizite acpbenefit.org Pou w jwenn plis enfòmasyon.

Depoze yon plent

Si ou gen pwoblèm fakti oswa sèvis ak konpanyi entènèt ou a ki enplike ACP, ou kapab depoze yon plent nan FCC. FCC ap voye plent ou bay konpanyi entènèt la.

Imèl Sant sipò ACP a

ACPSupport@usac.org

Rele Sant sipò ACP a

Rele 877-384-2575, 9 a.m. – 9 p.m. Lè nan Lès, 7 jou sou 7

Rele konpanyi entènèt ou a.

Kontakte konpanyi entènèt ou a, si ou gen kesyon konsènan aparèy, sèvis, oswa fakti.

Lòt Lajan kach ak depans Pwogram yo

Fair Fares NYC (FFNYC)

Administrasyon Resous Imèn (Human Resources Administration, HRA) Vil New York

Vwayaje pou mwatye pri

Fè ekonomi 50% sou transpò piblik ki gen ladan pri tikè tren, kalifye pou pri tikè otobis yo, ak Aksè-Yon-kous vwayaj transpò adapte .

Preparasyon Taks Gratis Vil New York (NYC Free Tax prep)

Depatman Pwoteksyon Konsomatè ak Travayè Vil New York (Department of Consumer and Worker Protection, DCWP)

Sèvis preparasyon taks gratis

Ou kalifye pou ranpli gratis avèk NYC Free Tax Prep si fanmi ou touche $80,000 oswa mwens oswa si ou ranpli taks ou antanke selibatè epi w te fè $56,000 oswa mwens an 2022.

Èd Ann Ijans/ Èd Moun Resevwa Yon Sèl Fwa (One Shot Deal)

Administrasyon Resous Imèn (Human Resources Administration, HRA) Vil New York

Lajan Kach pandan yon ijans

Èd finansyè pou moun ki pa kapab fè yon depans akòz yon sitiyasyon oswa yon evènman enprevi.

À December 23, 2022