Kredi Enpo pou Responsablite Timoun ak depandan ap ranbouse ou si ou te peye pou swen timoun oswa yon adilt depandan. Pou ane fiskal 2022 a, kontribyab yo kapab kalifye pou reklame jiska $3,000 pou depans ki fvt nan sèvis swen pou yon moun ki kalifye epi jiska $6,000 pou sèvis swen pou de oswa plis moun ki kalifye. Konsa ou kapab jwenn yon ranbousman jiska 50% nan depans sa yo.
- Ranpli taks federal ak Eta New York 2022 avan 18 Avril 2023 pou mande kredi a.
- Lè w ap ranpli, mete Fòmilè 2441 ansanm avèk Deklarasyon enpo sou Revni Endividyèl Etazini Fòmilè 1040 oswa Deklarasyon Enpo sou Revni Etazini pou moun ki pa rezidan Fòmilè 1040NR.
- Depans yo konsidere yo gen ladan pwòp lajan ou peye pou pran swen yon timoun kalifye pandan w ap travay oswa w ap chache travay.
- Sa gen ladan depans pou swen ki andeyò kay la, tankou nan yon sant gadri, oswa anndan kay ou, tankou yon bebisitè.
- Lè w reklame kredi sa a lè w ap fè yon deklarasyon taks, ou ka diminye taks ou dwe yo epi ou ka ogmante ranbousman ou.
Ki moun ki kalifye
Pou kalifye pou jwenn Kredi Enpo Resposanblite Timoun ak Depandan, ou ta dwe kapab reponn wi pou kesyon sa yo:
- Èske ou te peye yon moun oswa yon òganizasyon pou pran swen moun ki sou responsablite w yon fason pou ou menm (ak konjwen ou, si nou ranpli enpo sou revni ansanm) kapab travay oswa chache travay. Depandan ki kalifye yo se:
- yon timoun ki poko gen 13 zan nan moman swen an;
- yon konjwen oswa yon depandan ki pa ka pran swen tèt li fizikman oswa mantalman.
- Èske depandan an te viv avèk ou pou plis pase 6 mwa ane fiskal la?
- Èske ou (ak konjwen ou si nou ranpli taks ansanm) touche lajan? Sa yo ka soti nan pèman, salè, tep, lòt lajan yo ka pran taks sou anplwaye a, oswa revni sou travay endepandan yo.
- Èske w fè deklarasyon taks ou antanke selibatè, marye k ap deklare ansanm, chèf fanmi (fwaye) oswa vèv/vèf ki gen yon timoun ki depandan?
- Si ou marye, èske ou menm ak konjwen ou ap travay deyò?
- Oswa, èske youn nan nou ap travay deyò pandan lòt la se yon etidyan aplentan, li gen yon andikap, oswa l ap chèche travay?
Ki sa ou bezwen pou aplike
Pou reklame kredi a, ou pral bezwen pwouve sa ki pi ba yo pou tout moun ki liste nan deklarasyon enpo w la:
- Idantite ak laj: tankou foto idantite, pèmi kondui, IDNYC, paspò, oswa sètifika natiralizasyon.
- sitwayènte oswa estati imigrasyon tankou: batistè oswa paspò ameriken.
- Revni ou te touche ou pa (si genyen): tankou souch chèk pewòl ou oswa deklarasyon alokasyon chomaj, lèt pansyon, Revni Sekirite Anplis (SSI), oswa Asirans Sekirite Sosyal pou Andikap (SSDI).
- Kou swen pou depandan: Kantite lajan ou te peye pou swen pitit oswa depandan w lan.
- Non, adrès ak nimewo idantifikasyon (EIN oswa Nimewo Sekirite Sosyal) founisè a
Kouman pou aplike
W ap bezwen fòmilè sa yo lè w ap fè deklarasyon taks ou:
- Fòmilè pou Responsablite Timoun ak Depandan: Fòmilè 2441.
- Deklarasyon Taks sou Revni Endividyèl Etazini: Fòmilè 1040 oswa Deklarasyon Enpo sou Revni Etazini pou moun ki pa Rezidan: Fòmilè 1040NR.
Ou dwe idantifye tout moun oswa òganizasyon ki te bay pitit ou ki kalifye swen. Sa gen ladan:
- Non ak adrès founisè a
- Nimewo Idantifikasyon Fiskal oswa Nimewo Sekirite sosyal Kontribyab yo ta dwe itilize Fòmilè IRS W-10 pou mande enfòmasyon obligatwa sa a.
Ou kalifye pou ranpli gratis avèk NYC Free Tax Prep si fanmi ou touche $80,000 oswa mwens oswa si ou ranpli taks ou antanke selibatè epi w te fè $56,000 oswa mwens nan 2022. Volontè VITA/TCE IRS sètifye yo kapab ede w ranpli anliy, fas a fas, oswa le w pase depoze dokiman w yo.
Kòman ou kapab jwenn èd
- Gade Kesyon Moun Poze Souvan sou kredi enpo pou responsablite Timoun ak Depandan 2022 IRS la.
- Aprann plis bagay sou kredi enpo ou kapab reklame.
- Rele 800-906-9887 pou konnen ki kote ki gen yon biwo Èd Volontè pou Taks sou Revni (Volunteer Income Tax Assistance, VITA) oswa Konsèy sou Taks pou Granmoun Aje (Tax Counseling for the Elderly, TCE) ki toupre ou.
Lòt Lajan kach ak depans Pwogram yo
Asistans ak Lajan Kach
NYC Jesyon Resous Imèn
Asistans ak lajan kach lè ou nan bezwen
Asistans ak lajan kach pou ede ou peye lwaye, sèvis piblik, ak lòt depans ijan.
Kredi taks timoun: (CTC)
Depatman Pwoteksyon Konsomatè ak Travayè (Department of Consumer and Worker Protection, DCWP) Vil New York / Sèvis Enpo (Internal Revenue Service, IRS)
Kredi sou taks pou fanmi ki genyen timoun
Pou ane taks 2022 a, fanmi yo kapab reklame kredi enpo jiska $2,000 pou chak depandan ki poko gen 17 tan.
À February 9, 2023