Kredi sou taks pou fanmi ki genyen timoun

Kredi taks timoun: (CTC) | Depatman Pwoteksyon Konsomatè ak Travayè (Department of Consumer and Worker Protection, DCWP) Vil New York / Sèvis Enpo (Internal Revenue Service, IRS)

Lajan kach ak depans Tout moun

Krepi enpo pou Timoun (Child Tax Credit, CTC) se yon kredi ki vo jiska $2,000 pou chak timoun ou deklare nan taks sou revni 2022 w la.

  • Timoun ki kalifye yo gen 16 zan oswa mwens.
  • Fanmi w ka kalifye menm si ou pa t touche revni oswa ou pa t dwe okenn taks sou revni.
  • Kredi a pa konte kòm revni e li pap afekte dwa w genyen pou resevwa asistans piblik.

Ki moun ki kalifye

Pou kalifye pou kredi enpo nan ane taks 2022 a, ou ta dwe ranpli kritè sa yo:

  1. Ou te touche $2,500 oswa plis an 2022.
  2. Ou te touche jiska $200,000 e jiska $400,000 si ou marye epi n ap ranpli ansanm.
  3. W ap deklare yon timoun nan taks sou revni ou an ki gen:
    • 16 zan oswa pi jèn
    • Timoun nan dwe gen yon nimewo Sekirite sosyal (SSN) oswa Nimewo Idantifikasyon Fiskal pou Adopsyon (ATIN). Kontribyab la kapab itilize yon SSN oswa yon Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Endividyèl (ITIN)
    • Timoun ki kalifye yo dwe pitit ou, bofis oswa bèlfi ou, pitit pitit ou, pitit ou nan fanmi dakèy ki kalifye, timoun ou adopte, frè oswa sè ou, nyès oswa neve ou.
  4. Timoun ou owa depandan ki t ap viv avè w pandan plis pase 6 mwa ane taks la Ozetazini epi w ap deklare li kòm yon depandan nan taks sou revni w lan.
    • Timoun ou an pa kapab bay tèt ou plis pase mwatye sipò finansye.

Ki sa ou bezwen pou aplike

Gade yon lis dokiman w ap bezwen pou ranpli taks ou epi deklare CTC ou a.


Kouman pou aplike

Ranpli Fòmilè 1040. Ou pral bezwen ranpli tou Schedule 8812 pou konnen konbyen kredi enpo pou timoun ou kapab resevwa.

Ou kalifye pou ranpli gratis avèk NYC Free Tax Prep si fanmi ou touche $80,000 oswa mwens oswa si ou ranpli taks ou antanke selibatè epi w te fè $56,000 oswa mwens nan 2022. Volontè VITA/TCE IRS sètifye yo kapab ede w ranpli anliy, fas a fas, oswa le w pase depoze dokiman w yo.


Kòman ou kapab jwenn èd

  • Aprann plis bagay sou kredi enpo ou kapab reklame.
  • Rele 800-906-9887 pou konnen ki kote ki gen yon biwo Èd Volontè pou Taks sou Revni (Volunteer Income Tax Assistance, VITA) oswa Konsèy sou Taks pou Granmoun Aje (Tax Counseling for the Elderly, TCE) ki toupre ou.

Lòt Lajan kach ak depans Pwogram yo

Affordable Connectivity Program (ACP)

Komisyon Federal pou Kominikasyon (Federal Communications Commission, FCC)

Rabè chak mwa sou sèvis entènèt

Jwenn yon rabè chak mwa jiska $30 sou sèvis entènèt epi jiska $100 rabè pou yon laptòp, tablèt oswa òdinatè.

Fair Fares NYC (FFNYC)

Administrasyon Resous Imèn (Human Resources Administration, HRA) Vil New York

Vwayaje pou mwatye pri

Fè ekonomi 50% sou transpò piblik ki gen ladan pri tikè tren, kalifye pou pri tikè otobis yo, ak Aksè-Yon-kous vwayaj transpò adapte .

Preparasyon Taks Gratis Vil New York (NYC Free Tax prep)

Depatman Pwoteksyon Konsomatè ak Travayè Vil New York (Department of Consumer and Worker Protection, DCWP)

Sèvis preparasyon taks gratis

Ou kalifye pou ranpli gratis avèk NYC Free Tax Prep si fanmi ou touche $80,000 oswa mwens oswa si ou ranpli taks ou antanke selibatè epi w te fè $56,000 oswa mwens an 2022.

À February 9, 2023