Paran imigran English Language Learners, ELL (Etidyan ki Ap Aprann Angle) yo kapab jwenn èd paske yon konprann sistèm edikasyon NYC la epi yo jwe yon wòl aktif nan etikasyon pitit yo. Pwogram nan ede fanmi yo nan refere yo bay sèvis sante, nan refere yo bay sèvis sante mantal, epi nan refere yo bay sèvis èd tou.
Ki moun ki kalifye
Paran oubyen moun ki ap bay moun swen ki pa pale anglè byen ki gen pitit yo ki ap fè ant 6èm ane ak 12èm ane kapab patisipe.
Kòman ou kapab jwenn èd
- Rele DYCD Community Connect nan 800-246-4646 oubyen nan 646-343-6800 pou ou kapab konnen kòman ou kapab jwenn sèvis
- Orè operasyon: Lendi a Vandredi, 9 a.m – 5 p.m
- Ale sou sitwèb Immigrant Family Services la (Sèvis pou Fanmi Imigran) an pou ou kapab jwenn plis enfòmasyon toujou
Lòt Sèvis pou Fanmi Pwogram yo
Pwogram Avantaj Planin Familyal (FPBP)
Depatman Sante Eta Nouyòk
Sèvis planin familyal konfidansyèl
Sèvis planin familyal gratis ak konfidansyèl pou adolesan, fanm, gason.
Sant Jistis Familyal yo (FJCs)
Biwo Majistra Vil New York pou Elimine Vyolans nan Kay ak Vyolans ki baze sou Sèks
Èd pou sivivan vyolans ki fèt pandan yon randevou, vyolans nan kay akvyolans ki baze sou sèks
Nou bay konsèy ak sèvis nan tout awondisman yo pou sivivan vyolans ki fèt pandan yon randevou, vyolans nan kay ak vyolans ki baze sou sèks.
Pwogram By My Side Birth Support (Pwogram Èd Kanpe Avèk Mwen Akouchman)
NYC Department of Health & Mental Hygiene (Depatman Sante & Ijèn Mantal NYC)
Èd gratis nan akouchman nan Central Brooklyn
Fanm-saj yo bay èd ki pa medikal ni anvan akouchman an, ni pandan akouchman an, ak ni aprè akouchman an.
À April 12, 2022