Lekòl elemantè prepare pitit ou a pou li kapab reyisi ni nan lekòl ni nan lavi. Etidyan ki abite New York City yo kapab aplike pou matènèl pandan ane sivil kote yo genyen senk (5) lane a.
- Tout timoun ki fèt an 2018 ap resevwa yon plas nan matènèl pou lotòn 2023 a.
- Aplikasyon an ap disponib nan sezon livè a.
- Tout pwogram elemantè ap akeyi epi sipòte elèv ki gen andikap yo, sila yo ki nan lojman tanporè, sila yo k ap Aprann Lang Anglè yo (ELL), ak elèv LGBTQ.
Ki moun ki kalifye
Tout timoun ki abite NYC ki fèt an 2018 yo kalifye pou matènèl epi plas yo garanti.
Ki sa ou bezwen pou aplike
Ou p ap bezwen depoze okenn dokiman pou ou kapab aplike pou lekòl matènèl.
Aprè ou fin jwenn yon lèt òf, pran yon randevou nan lekòl la epi pote dokiman sa yo:
- Prèv laj pitit ou an (ak de nesans, paspò oswa batistè)
- De (2) dokiman ki pwouve adrès ou (tankou kontra lokasyon, bòdwo sèvis piblik oswa yon kat idantifikasyon leta, tankou IDNYC)
- Dosye Vaksinasyon (si disponib)
- Dènye Bilten Nòt Lekòl (si disponib)
Verifye lis kontwòl anvan enskripsyon an pou ou kapab wè ki dokiman ou ka itilize.
Kouman pou aplike
Aplikasyon pou matènèl pou ane lekòl 2023-2024 ouvè konnye a.
Si timoun ou an fèt an 2018, rasire w ou aplike anvan 20 janvye 2023 nan youn nan twa (3) fason sa yo:
- Sou entènèt atravè MySchools Gade video titoryèl yo pou ou aprann kijan pou kreye kont MySchools ou ak kijan pou ou aplike.
- Nan telefòn lè w rele 718-935-2009
- Nou louvri: soti lendi jiska vandredi, ant 8 a.m. ak 6 p.m.
- Fas-a-Fas nan yon Sant Akèy pou Fanmi.
Elèv k ap soti nan matènèl ki prale nan 1ye ane yo pa bezwen aplike pou lekòl elemantè ankò. Yo ap enskri yo otomatikman nan lekòl elemantè yo a.
Elèv ki bezwen enskri nan yon nouvo lekòl ki nan klas ant 1ye ane ak 5yèm ane yo oswa ki bezwen yon plas pandan ane a dwe enskri nan lekòl ki nan zòn yo a. Aprann konnen plis sou paj Nouvo Elèv yo.
Kòman ou kapab jwenn èd
- Ale sou sitwèb NYC Department of Education nan (Depatman Edikasyon an) pou ou kapab konnen plis bagay toujou sou pwosesis aplikasyon nan lekòl matènèl la.
- Rele 718-935-2009 oswa voye yon imèl pou estaf Admisyon matènèl la si ou gen kesyon konsènan aplikasyon nan lekòl matènèl la.
- Pase nan yon Family Welcome Center (Sant Akèy Familyal) pou ou kapab jwenn èd an pèsòn.
Lòt Edikasyon Pwogram yo
We Speak NYC (WSNYC)
Biwo Majistra a pou Afè Imigran yo (Mayor's Office of Immigrant Affairs, MOIA)
Konvèsasyon an anglè ak pwogram aprantisaj
Kou gratis ak materyèl pou w ka familyarize w ak sèvis Vil la epi amelyore anglè ou.
3-K pou Tout Moun (3-K)
NYC Depatman Edikasyon
Edikasyon preskolè pou timoun twa (3) lane
3-K pou tout se edikasyon gratis, tout jounen, bon kalite pou timoun ki gen twa zan nan Vil New York.
CUNY Start (Ratrapaj CUNY)
Inivèsite Vil New York la (The City University of New York, CUNY)
Èd akademik pou etidyan CUNY
Etidyan CUNY yo kapab respekte nòm konpetans CUNY yo epi yo kapab prepare yo pou yo kapab suiv kou nan nivo inivèsite.
À January 13, 2023