Sèvis preparasyon taks gratis

Preparasyon Taks Gratis Vil New York (NYC Free Tax prep) | Depatman Pwoteksyon Konsomatè ak Travayè Vil New York (Department of Consumer and Worker Protection, DCWP)

Lajan kach ak depans Adolesan Jenn Granmoun Gadyen

Ou kalifye pou ranpli gratis avèk NYC Free Tax Prep si fanmi ou touche $80,000 oswa mwens oswa si ou ranpli taks ou antanke selibatè epi w te fè $56,000 oswa mwens an 2022. Volontè VITA/TCE ki gen sètifikasyon IRS disponib pou ede ou ranpli.

  • Dat limit pou ranpli taks sou revni 2022 ou a se 18 Avril 2023.
  • Gen plizyè fason ou ka ranpli taks ou gratis ak NYC Free Tax Prep.
    • Preparasyon Taks Adistans: Yon moun ki konn prepare kapab ede w ranpli taks sou revni w lan pandan 60 a 90 minit nan yon apèl adistans.
    • Preparasyon pèsonèl avèk asistans: Fè taks sou revni w lan poukont ou. Yon moun ki konn prepare taks ap disponib atravè telefòn oswa imèl pou reponn kesyon ou yo.
    • Sèvis depo: Depoze dokiman taks ou yo epi rekipere taks sou revni an lè li fini annapre
    • Fas a fas: Fè yo prepare taks ou gratis nan biwo preparasyon taks toupre ou.
  • Lè ou ranpli taks ou, ou kapab kalifye pou kredi taks tankou EITC, Enpo Kredi pou Timoun oswa Enpo Kredi pou Timoun ak Depandan. Kredi sou taks sa yo ka ogmante ranbousman ou.
    • Si jwenn yon ranbousman, IRS ap voye l nan lapòs ba ou oswa depoze li sou kont labank ou.

Ki moun ki kalifye

Ou kalifye pou preparasyon taks gratis si ou te touche sa an 2022:

  • $80,000 oswa mwens epi ou gen depandan
  • $56,000 oswa mwens epi ou pa gen depandan

Ki sa ou bezwen pou aplike

Gade lis dokiman w ap bezwen pou ranpli taks ou.


Kouman pou aplike

Vizite NYC Free Tax Prep pou èd nan sèvis preparasyon taks adistans, fas a fas oswa sèvis depo.


Kòman ou kapab jwenn èd

Lòt Lajan kach ak depans Pwogram yo

Affordable Connectivity Program (ACP)

Komisyon Federal pou Kominikasyon (Federal Communications Commission, FCC)

Rabè chak mwa sou sèvis entènèt

Jwenn yon rabè chak mwa jiska $30 sou sèvis entènèt epi jiska $100 rabè pou yon laptòp, tablèt oswa òdinatè.

Fair Fares NYC (FFNYC)

Administrasyon Resous Imèn (Human Resources Administration, HRA) Vil New York

Vwayaje pou mwatye pri

Fè ekonomi 50% sou transpò piblik ki gen ladan pri tikè tren, kalifye pou pri tikè otobis yo, ak Aksè-Yon-kous vwayaj transpò adapte .

Èd Ann Ijans/ Èd Moun Resevwa Yon Sèl Fwa (One Shot Deal)

Administrasyon Resous Imèn (Human Resources Administration, HRA) Vil New York

Lajan Kach pandan yon ijans

Èd finansyè pou moun ki pa kapab fè yon depans akòz yon sitiyasyon oswa yon evènman enprevi.

À February 9, 2023