Pwogram nan ofri etidyan ki nan lekòl segondè ak etidyan ki nan inivèsite yo internships (estaj) pwofesyonèl ki peye nan ann ete. Anplwayè yo se gran antrepriz, ajans ki pa la pou yo fè lajan, ak ajans gouvènman yo ki nan New York City. Pwogram nan ofri èd nan travay ak èd nan preparasyon pou travay.
- Aplikasyon yo louvri kounye a; aplike anvan 25 fevriye 2022.
- An jeneral, estaj yo kòmanse premye semèn mwa jiyè a. Elèv ak etidyan yo travay 25 èdtan pa semèn pou pi piti pandan omwen 6 semèn.
- Si ou poko gen 18 lane, ou dwe genyen papye travay pou w patisipe.
- Pwogram lan ede tou nan zafè fòmasyon anvan travay, teknik preparasyon nan espas travay, ak eksplorasyon karyè ak kolèj.
- Apre pwogram lan, etidyan/elèv yo kapab patisipe nan yon vas rezo ki gen ansyen etidyan/elèv, opòtinite apre estaj, epi evènman pou fè kontak yo louvri sèlman pou ansyen patisipan yo.
Ki moun ki kalifye
Ou kapab kalifye si ou anmezi pou ou reponn ”wi” pou kesyon sa yo:
- Èske ou abite NYC?
- Èske ou enskri nan yon lekòl segondè oubyen ou enskri nan yon inivèsite aktyèlman?
- Èske ou genyen ant 16 ak 22 lane?
- Èske ou fè work experience (esperyans travay) deja (menm si se te yon benevola)?
- Èske ou fè 3.00 kòm mwayèn jeneral (GPA) pou pi piti?
- Si ou genyen 18 lane, èske ou genyen dokiman travay?
Ki sa ou bezwen pou aplike
Ou pa bezwen soumèt dokiman ak aplikasyon w lan. Ou ap sèlman bezwen soumèt dokiman yo si yo chwazi ou pou patisipe nan pwogram lan.
Ou ap bezwen bay dokiman sa yo ki poko ekspire:
Prèv ki di kiyès ou ye
Youn (1) nan dokiman sa yo:
- Kat etidyan
- Pyès idantite vil la, Eta a, oswa gouvènman an bay, tankou yon lisans chofè Eta New York, pèmi pou aprann, paspò, oswa IDNYC
Prèv ki di laj ou genyen
Youn (1) nan dokiman sa yo:
- Batistè
- Kat avantaj
- Lisans chofè/pèmi pou aprann nan Eta New York
- Kat anrejistreman moun ki pa sitwayen Ameriken (etranje)
- Paspò Ameriken
Prèv ki di kote ou ap viv
Youn (1) nan dokiman sa yo, ki gen dat 6 mwa ki sot pase yo:
- Bòdwo sèvis piblik
- Kontra lwaye, ipotèk, oswa papye kay
- Bòdwo kab televizyon (li dwe endike sèvis telefòn lan)
- Kourye ofisyèl ki soti nan Ajans Federal, Ajans Eta, oswa Ajans Vil la
Prèv ki di ou elijib pou travay
Jèn ki genyen 16 ak 17 lane yo ap oblije bay papye travay yo.
Anplis, tout jèn yo ap oblije bay youn nan dokiman sa yo:
- Kanè (ki gen dat nan 6 mwa ki sot pase yo)
- Relve nòt ofisyèl
- Lisans chofè/pèmi pou aprann nan Eta New York
- Kat enskripsyon elektè
- Kat militè ameriken/dosye rekritman
Prèv estati lekòl
Youn (1) nan dokiman sa yo:
- Relve nòt ofisyèl lekòl segondè
- Relve nòt ofisyèl kolèj
- Relve nòt kolèj ki pa ofisyèl ki gen yon kopi kat etidyan w lan
Prèv estati sitwayènte
Youn (1) nan dokiman sa yo:
- Paspò Ameriken ki Valid
- Batistè Etazini
- Kat anrejistreman etranje
- I-94, I-551, I-797
- Sètifika natiralizasyon
- Kat enskripsyon nan travay
Prèv revni fanmi ou
Pou chak sous revni chak moun ki gen revni epi ki gen dat 6 dènye mwa ki sot pase yo, bay yon sèl dokiman:
Si se Asistans Piblik ki ba li sipò:
- Kat EBT Aktyèl (ki gen non paran/responsab legal la) AK yon resi magazen ki resan
- Bidjè Avantaj Aktyèl/Lèt SNAP
- Lèt ofisyèl ki soti nan Sèvis Sosyal (Li dwe ladan gen non aplikan, nimewo avantaj la, ak dat)
Si se pa Asistans Piblik ki ba li sipò:
- De (2) souch chèk youn dèyè lòt ki gen dat ki nan sis (6) dènye mwa yo (Li dwe gen ladan non, ak revni brit benefisyè a)
- Fòm W-2 2021 ak yon (1) souch chèk ki gen dat ki nan sis (6) dènye mwa yo
- Lèt Aktyèl ki Bay Pansyon
- Lèt Aktyèl ki Bay SSA
- Dokiman Avantaj Chomaj ki gen dat ki nan sis (6) dènye mwa yo
- Si se travayè endepandan, Deklarasyon Taks Sou Revni pou 2021 ki gen ladan Fòm Taks “C” oswa “E” (si w resevwa revni pou lwaye)
Prèv nimewo sekirite sosyal
- Kat Sekirite Sosyal
Prèv enskripsyon nan Sèvis Selektif (pou gason ki gen 18 lane e plis)
Youn (1) nan dokiman sa yo:
- Dosye enskripsyon anliy (www.sss.gov)
- Resi kòb anliy
Prèv estati andikap (si sa nesesè)
Youn (1) nan dokiman sa yo:
- Prèv Andikap Sekirite Sosyal oswa Revni Sekirite Siplemantè (Supplemental Security Income, SSI)
- Deklarasyon yon pwofesyonèl medikal
- Lòt dokiman ofisyèl pou ACS, HRA, lekòl ou ki di ou genyen yon andikap.
Kouman pou aplike
- Aplike nan Ladders for Leaders (Nechèl pou Lidè) anliy anvan 25 fevriye 2022.
- Aplikasyon pou Ladders for Leaders sèlman disponib pandan peryòd aplikasyon an.
Kòman ou kapab jwenn èd
- Ale sou sitwèb DYCD a pou kapab aprann plis bagay toujou.
- Rele DYCD Community Connect nan 800-246-4646 (Lendi rive Vandredi 9è AM rive 5è PM) si ou gen kesyon sou pwogram sa a.
Lòt Travay Pwogram yo
Pwogram Travay Pou Jèn Pandan Ete (SYEP)
Depatman Jèn ak Devlopman Kominotè NYC (Department of Youth and Community Development, DYCD)
Eksperyans ete travay peye pou jèn yo
SYEP bay jèn moun ki gen laj 14 ak 24 lane eksperyans dete peye pou jiska sis semèn.
WorkingNYC
Biwo Majistra pou Devlopman Travayè
Pwogram Fòmasyon pwofesyonèl ak resous Vil lan.
Jwenn sèvis ak resous ki kapab ede ou prepareepi resevwa yon djòb.
Jobs Plus
Direksyon Lojman NYC (NYC Housing Authority, NYCHA)
Èd nan jwenn travay pou rezidan ki nan public housing (lojman piblik)
Jobs Plus se yon pwogram anplwa ki pèmèt rezidan NYCHA yo jwenn travay epi li pèmèt yo ogmante revni yo.
À January 24, 2022