Lajan Kach pandan yon ijans

Èd Ann Ijans/ Èd Moun Resevwa Yon Sèl Fwa (One Shot Deal) | Administrasyon Resous Imèn (Human Resources Administration, HRA) Vil New York

Lajan kach ak depans Jenn Granmoun Gadyen

Ou ka jwenn èd si ou pa kapab peye bòdwo w yo paske w te pèdi travay ou, w ap resevwa mwens salè nan travay ou oswa ou te gen yon lòt ijans tankou yon pwoblèm medikal ki rive sanzatann. Èd sa a rele “Èd ann Ijans” oswa yon “Èd Moun Resevwa Yon Sèl Fwal”.

  • Èd ann Ijans lan ka ede w si:
    • Ou sanzabri oswa w ap pèdi kay ou si w pa jwenn èd.
    • Yo koupe gaz ou oswa kouran w oubyen w te resevwa yon avi ki di yo pral koupe l.
    • ou pèdi rad, atik pèsonèl oswa mèb akòz vòl, akòz yon dife oswa yon dezas natirèl.
    • W ap sibi vyolans domestik.
    • ou gen lòt pwoblèm ki afekte sante w ak sekirite w oswa ki afekte sante ak sekirite fanmi ou.
  • Si w pa jwenn Revni Sekirite Siplemantè (SSI), ou ka oblije ranbouse yon pati oswa tout Èd ann Ijans lan. Administratsyon Resouzimèn (HRA) ap fè w konnen si w dwe remèt li.
  • Si revni ou depase yon sèten kantite lajan, ou ka oblije siyen yon akò ke w ap remèt Èd ann Ijans lan.
  • Ou ka aplike pou Èd ann Ijans menm si w te resevwa l deja. Si yo te mande w pou w ranbouse yon sibvansyon ou te resevwa men w pa t fè sa, sa ka ba w pwoblèm pou w resevwa yon lòt sibvansyon.

Ki moun ki kalifye

Yo detèmine kalifisyon ka pa ka. Faktè yo kapab konsidere ki ladan:

  • revni (sa ou touche nan travay ak sa ou pa touche nan travay)
  • kantite moun ki nan fanmi an
  • rezon pou bezwen a, tankou pèdi yon travay
  • ekonomi ak resous disponib
  • si lojman an abòdab
  • andikap
  • yon plan pou lavni pou peye depans ki ap vini yo
  • sitwayen oswa estati imigrasyon

Ki sa ou bezwen pou aplike

Yo pral mande kèk dokiman espesifik sou yon baz ka pa ka. Yo kapab genyen ladan yo:

  • Batistè oswa Nimewo Sekirite Sosyal ak/oswa yon kat idantite ki genyen foto pou chak granmoun nan fanmi an
  • Prèv revni pou tout manm nan fanmi ou
  • Bòdwo oswa lèt nan men pwopriyetè kay la pou lwaye chak mwa ak lwaye ou dwe
  • Kopi òdonans tribinal yo
  • Kontra lwaye

Apre ou fin bay Administrasyon Resouzimèn (HRA) enfòmasyon li bezwen pou aplikasyon w lan, y ap pran yon desizyon pi vit ke posib.

HRA ap voye yon avi pou ou si yo bezwen plis enfòmasyon oswa plis dokiman nan men ou.


Kouman pou aplike

Aplike anliy pou èd ann ijans sou sit entènèt ACCESS HRA a oswa nan Aplikasyon Mobil ACCESS HRA a. Fè konnen se pou yon “Èd Moun Resevwa Yon Sèl fwa (One Shot Deal)”.

Aplike fas-a-fas lè w vizite Sant Travay Administrasyon Resouzimèn (HRA Job Center) ki pi pre w la.

Apre w fin aplike, ou dwe pase yon entèvyou pou w ka jwenn Èd ann Ijanss oswa yon Èd Moun Resevwa Yon Sèl Fwa (One Shot Deal).


Kòman ou kapab jwenn èd

Jwenn èd fas-a-fas

Vizite yon Sant Travay Administrasyon Resouzimèn (HRA Job Center) tou pre w.

Si ou genyen risk pou w antre nan refij, kontakte Homebase.

Rele Liy Enfòmasyon Administrasyon Resouzmèn (HRA) a

Rele 718-557-1399
Lendi – Vandredi
8 a.m. – 5 p.m.

 

Lòt Lajan kach ak depans Pwogram yo

Affordable Connectivity Program (ACP)

Komisyon Federal pou Kominikasyon (Federal Communications Commission, FCC)

Rabè chak mwa sou sèvis entènèt

Jwenn yon rabè chak mwa jiska $30 sou sèvis entènèt epi jiska $100 rabè pou yon laptòp, tablèt oswa òdinatè.

Fair Fares NYC (FFNYC)

Administrasyon Resous Imèn (Human Resources Administration, HRA) Vil New York

Vwayaje pou mwatye pri

Fè ekonomi 50% sou transpò piblik ki gen ladan pri tikè tren, kalifye pou pri tikè otobis yo, ak Aksè-Yon-kous vwayaj transpò adapte .

Preparasyon Taks Gratis Vil New York (NYC Free Tax prep)

Depatman Pwoteksyon Konsomatè ak Travayè Vil New York (Department of Consumer and Worker Protection, DCWP)

Sèvis preparasyon taks gratis

Ou kalifye pou ranpli gratis avèk NYC Free Tax Prep si fanmi ou touche $80,000 oswa mwens oswa si ou ranpli taks ou antanke selibatè epi w te fè $56,000 oswa mwens an 2022.

À April 12, 2022