Sèvis ak sipò pou jèn ki sanzbri yo

Sant Akèy pou Jèn moun ki Kite Kay yo ak Sanzabri yo | Depatman Jenès Ak Devlopman Kominotè (Department Of Youth And Community Development, DYCD) Vil New York

Lojman Adolesan Jenn Granmoun

Jèn ki gen ant 14–24 lane ki sanzabri yo kapab resevwa èd ak referans pou jwenn yon chèltè an ijans.

  • Sant Akèy yo gen yon espas ki chaje sekirite pou jèn ki gen ant 14–24 o epi yo pwopoze gen sèvis sa yo:
    • manje
    • rad
    • chaje telefòn
    • douch, ak fè lesiv
    • swen sante
    • sipò pou jwenn travay
    • jesyon dosye, referans ak lòt sèvis tankou Pwogram Sèvis Sekou ki kapab fè jwenn chèltè an ijans
  • Kèlkeswa sitiyasyon imigrasyon ou sèvis yo disponib pou ou.

Lòt Lojman Pwogram yo

NYC Housing Connect

Konsèvasyon ak Devlopman Lojman (Housing Preservation and Development, HPD) Vil New York / Konpayi Devlopman Lojman ki nan Vil New York (NYC Housing Development Corporation, HDC)

Tiraj pou jwenn lojman bon mache

Yon pòtay anliy kote w kapab aplike pou lwe oswa achte yon apatman oswa yon kay bon mache.

Homebase

NYC Jesyon Resous Imèn

Sèvis pou ede ou rete lakay ou epi evite w antre nan abri

Si w gen risk pou w vin yon sanzabri, Homebase ofri sipò li pou ou pa ale nan abri epi pou w rete estab nan yon lojman.

À September 30, 2021