Si fason ti bebe yo dòmi an pa bon sa kapab yon danje pou yo. Fason ou kapab jwenn enfòmasyon sou fason ti bebe ou an dwe dòmi nan men Safe Sleep Initiative la (Pwogram Pou Ti Bebe Yo Kapab Dòmi Ansekirite a). Fanmi revni yo piti yo kapab kalifye pou yon jwenn yon bèso gratis tou.
- Pou ou kapab jwenn plis enfòmasyon sou somèy ti bebe, Ale li nan frequently asked questions (kesyon yo poze pi souvan yo), telechaje bwochi Safe Sleep la (Dòmi Ansekirite a), oubyen gade Safe Sleep video a (videyo Dòmi Ansekirite a).
- Low-income ACS-involved families (Fanmi revni yo piti ki fè pati ACS yo) kapab jwenn bèso, yo ap vin livre li lakay ou epi yo ap monte li la.
- Fanmi ki kalifye yo kapab resevwa yon bèso nan yon Neighborhood Health Action Center (Sant Aksyon pou Sante ki nan Katye) oubyen yo kapab resevwa li nan yon community-based organization (sant òganizasyon kominotè) ki nan awondisman kote yo abite a.
Ki moun ki kalifye
- Pou ou kapab konnen si ou kalifye pou ou resevwa yon bèso gratis, rele nan 311 epi mande enfòmasyon sou Safe Sleep (Dòmi Ansekirite).
- ACS-involved families (fanmi ki fè pati ACS) yo kapab mande travayè sosyal yo a pou li verifye si yo kalifye pou yo resevwa yon bèso gratis.
Kouman pou aplike
- Ale sou sitwèb Safe Sleep la (Dòmi Ansekirite a) pou ou kapab konnen plis bagay toujou.
- Rele nan 311 pou ou kapab jwenn plis enfòmasyon toujou epi pou ou kapab konnen fason ou kapab jwenn sèvis.
Lòt Sèvis pou Fanmi Pwogram yo
ActionNYC
Biwo Majistra a pou Afè Imigran yo
Èd jiridik gratis epi san danje pou imigran yo
Jwenn èd jiridik pou imigrasyon gratis. Rankontre avèk yon avoka imigrasyon nan kominote w la sou opsyon ou yo.
Biwo Sèvis Sipò Timoun (OCSS)
NYC Jesyon Resous Imèn
Sèvis sipò timoun
Sipò finansye pou timoun yo ak sipò travay pou paran ki p ap viv avèk timoun yo.
Patenarya ant Enfimyè ak Fanmi NYC (NYC NFP)
NYC Depatman Sante ak Sante Mantal
Sipò pou paran ki vini premye fwa
Enfimyè yo bay sipò pou manman k ap gen premye tibebe yo pou yo kapab pi bon paran ki posib.
À June 21, 2021