Swen sante gratis nan lekòl

Sant Sante ki nan Lekòl | Depatman Edikasyon NYC (NYC Department of Education, DOE); Depatman Sante & Ijèn Mantal NYC (NYC Department of Health & Mental Hygiene, DOHMH)

Sante Timoun ki nan Lekòl Primè Pre-Adolesan Adolesan

Etidyan kapab jwenn swen sante fasil nan sant sante medikal ki anndan lekòl yo a. Sèvis yo gen ladan yo:

  • Egzamen fizik
  • Swen medikal pou maladi kwonik tankou opresyon ak dyabèt
  • Depistaj ak tretman pou maladi okazyonèl tankou tèt fè mal ak gòj fè mal
  • Sèvis sante mantal oswa referans pou sèvis sante mantal si sa nesesè

Elèv yo ka jwenn sèvis gratis, kèlkeswa estati asirans oswa imigrasyon yo.

Epitou, SBHC yo ofri:

  • Asistans gratis pou ranpli aplikasyon oswa kouvèti asirans sante piblik pou ti kras kòb.
  • Sèvis nan randevou oswa san randevou
  • Swen sante nan kad repwodiksyon ki apwopriye ak laj jèn timoun yo (disponib nan kèk sant). Elèv nan Lekòl Segondè yo pa bezwen konsantman paran yo pou yo resevwa sèvis sante repwodiksyon konfidansyèl.

Verifye nan lekòl pitit ou a oubyen ale gade nan lis SBHCs la pou chèche konnen si gen yon sant sante nan lakou lekòl la pitit ou a


Ki moun ki kalifye

Tout etidyan ki enskri nan yon lekòl ki genyen yon SBHC kalifye pou sèvis swen sante ki nan lekòl pa yo a.


Kouman pou aplike

Pou etidyan yo kapab jwenn swen sante gratis, yo dwe fè paran yo oubyen yo dwe fè guardians (responsab legal) yo ranpli yon fòmilè konsantman epi pou yo remèt li.

Ou kapab jwenn fòmilè a nan SBHC ki nan lekòl pitit ou a. Etidyan yo pa bezwen genyen health insurance (asirans sante) pou yo kapab enskri nan SBHC. Si yon etidyan pa genyen asirans, mete enfòmasyon an nan fòmilè konsabtaman an.


Kòman ou kapab jwenn èd

  • Ale sou sitwèb SBHC a pou ou kapab konnen tout sèvis ki disponib yo.
  • Voye yon mesaj bay Lorraine Tiezzi, Director of Adolescent Health (Direktè Sante pou Adolesan) an pa imèl, si ou genyen kesyon sou pwogram sa a.

Lòt Sante Pwogram yo

Health Insurance Assistance

Administrasyon Resous Imèn Vil New York / Depatman Sante Eta New York (NYS DOH)

Asirans sante nan pri ki ba epi gratis

Chèche jwenn èd pou ou konprann opsyon asirans sante ki abòdab pou ou a epi enskri nan yon plan.

NYC Well

NYC Depatman Sante ak Sante Mantal

Pale, voye tèks, ak tchat pou jwenn èd ak sante mantal

Sèvis sante mantal gratis ak prive nan konvèsasyon, tèks oswa tchat disponib nenpòt lè pou oumenm oswa yon moun ou gen sousi pou li.

NYC Care

NYC Health + Hospitals (NYC H+H)

Aksè an swen sante gratis oswa pou yon ti kras kòb

Swen sante konplè pou tout rezidan Vil New York, kèlkeswa mwayen yo genyen pou peye oswa sitiyasyon yo ak imigrasyon.

À March 31, 2022