Fè eksperyans travay ki peye nan sezon ete pou jèn

Pwogram Travay pou Jèn pandan sezon Ete (SYEP) | Depatman Jèn ak Devlopman Kominotè Vil New York (DYCD)

Travay Adolesan Jenn Granmoun

Jèn nan Vil New York ki gen 14-24 lane yo kapab fè eksperyans travay ki peye epi yo kapab gen posibilite pou eksplore karyè chak ete.

  • Aplike avan 14 avril 2023. Seleksyon an baze sou yon lotri.
  • SYEP kòmanse 5 jiyè 2023 epi li ofri:
    • Fòmasyon preparasyon pou travay
    • Aprantisaj ki baze sou pwojè
    • Fòmasyon sou edikasyon finansye
    • Travay ete ki peye
  • Gen travay ki disponib pou jèn ki gen andikap.

Ki moun ki kalifye

Ou kapab elijib si:

  • abite nan Vil New York
  • gen 14-24 lane

Ki sa ou bezwen pou aplike

Ou pral gen bezwen:

  • Prèv Idantite tankou yon kat idantite ki gen foto.
  • Kat sekirite sosyal, siyen.
  • Prèv laj tankou yon batistè, kat idantite ki gen foto oswa paspò.
  • Prèv adrès tankou yon bòdwo sèvis piblik, kontra lokasyon oswa kourye ofisyèl yon ajans gouvènmantal.
  • Prèv otorizasyon travay tankou yon kanè pou sis (6) dènye mwa yo, relve nòt, oswa yon kat idantifikasyon.

Ou kapab bezwen tou:

  • Prèv papye travay si w gen 16 ak 17 lane.
    • Ou kapab jwenn papye travay nan lekòl ou.
  • Prèv andikap ou si ou gen yon andikap.
  • Prèv enskripsyon nan Sèvis Selektif si w se yon gason ki gen 18 lane oswa plis.

Verifye lis tout dokiman (ann Angle) w ap bezwen paske w gen14 jiska 15 lane oswa 16 jiska 24 lane.


Kouman pou aplike

Aplike avan 14 avril 2023.


Kòman ou kapab jwenn èd

Lòt Travay Pwogram yo

WorkingNYC

Biwo Majistra pou Devlopman Travayè

Pwogram Fòmasyon pwofesyonèl ak resous Vil lan.

Jwenn sèvis ak resous ki kapab ede ou prepareepi resevwa yon djòb.

Jobs Plus

Direksyon Lojman NYC (NYC Housing Authority, NYCHA)

Èd nan jwenn travay pou rezidan ki nan public housing (lojman piblik)

Jobs Plus se yon pwogram anplwa ki pèmèt rezidan NYCHA yo jwenn travay epi li pèmèt yo ogmante revni yo.

Train & Earn

NYC Depatman pou jenès ak devlopman kominotè

Fòmasyon pou travay ak travay pou jèn ki gen ti revni ki gen laj 16 rive 24 lane

Fòmasyon pou travay, sèvis travay ak preparasyon pou ede w pase egzamen Diplòm Ekivalan Lekòl Segondè (High School Equivalency, HSE) ou. Disponib pou jèn ki pa ni ap travay ni al lekòl.

À April 6, 2023