Gode Youn antre nan lòt

Timoun Piti Lè pou jwe

Bay pitit ou a kèk veso plastik diferan gwosè ki pap blese l pou l jwe. Ou ka sèvi ak gode pou mezire, bòl, oubyen nenpòt lòt bagay pratik ki soulamen. Ankouraje yo pou yo mete kèk nan veso sa yo youn anndan lòt. Pale ansanm sou sa yap fè. “De gode yo rantre nan gwo po a.” “Ki lòt ki rantre ladan l? Kiyès ladan yo ki pap rantre?” Poze kesyon pou kontinye konvèzasyon an!

Wè sa ki pitit ou a aprann

Pitit ou a aprann lide tankou chif, fòm, ak gwosè pandan yap itilize yo yon seri fason senp konsa. Pale sou sa pitit ou ap fè ap ede yo tou pou yo aprann nouvo mo. Mete sou sa, sa motive yo pou yo kontinye eksplore epi aprann.

Share this tip


Gid Ki Gen Rapò Ak Laj

1 Lane

Pitit ou a ap aprann epi l ap grandi! Jwenn evènman, pwogram, ak konsèy pou ede sipòte kwasans li.

2 Lane

Dekouvri fason timoun piti w la ap aprann, epi jwenn evènman, pwogram, ak konsèy pou ede sipòte kwasans li.

Plis Konsèy Konsa

nan kizin nan avèk pitit ou, pale de sa wap fè, Sitou si ou ... Eseye konsèy sa a
Ankouraje yo pataje epi mande pitit ou a pou l ba w manje, t... Eseye konsèy sa a