15-16 lane

Dekouvri konsèy, zouti, ak sipò pou laj sa a

Adolesan w lan ap kontinye devlope pwòp idantite pa li! Kontinye ede li prepare pou li pi endepandan epi pran plis responsablite. Panse pou ankouraje li jwenn yon travay nan sezon ete a epi eksplore opsyon yo pou lavi apre lekòl segondè.

Defile desann pou w aprann plis bagay sou adolesan w lan nan etap sa a, eksplore resous ki disponib yo, epi jwenn aktivite ki gratis pou adolesan yo pi ba a.

Etap enpòtan yo

Devlopman an kontinye nan laj adolesans epi li rive nan laj granmoun! Jwenn enfòmasyon sou kwasans adolesan w lan ak sa pou w siveye pandan moman eksitasyon sa a.

Lè adolesan yo gen 15 - 16 lane, anpil ladan yo:

  • Sosyal

    • Gen premye eksperyans travay
    • Montre yo mwens depannde paran oswa moun k ap bay swen yo
    • Plis vle pataje
    • Devlope plis relasyon entim
  • Kominikasyon

    • Kòmanse montre plis enterè nan pwoblèm moral yo
    • Ka parèt pi malouk epi itilize langaj mabyal lè y ap pale
  • Aprantisaj

    • Aprann plis abitid travay ki defini
    • Montre plis enterè nan plan lekòl ak plan travay pi devan
    • Bay rezon klè pou esplike chwa yo, tankou sa ki byen oswa sa ki mal
  • Devlopman Fizik

    • Montre siy ki di yo fòme
    • Itilize deyodoran
    • Vin konnen seksyalite plis
  • Sante

    • Pran 6 a 8 ons sereyal chak jou (tankou 1 bagel plis 1 diri)
    • Pran 2 tas 1/2 a 3 tas legim chak jou (1 gwo piman dou plis 2 gwo pye seleri)
    • Pran 1 tas 1/2 a 2 tas fwi chak jou (1 fig mi plis 1/2 tas fwi sèk)
    • Pran 5 a 6 ons vyann ak pwa chak jou (1 bwat ton plis 2 ze)
    • Pran 3 tas lèt chak jou
    • Fè 1 èdtan aktivite fizik chak jou
    • Dòmi anviwon 8 - 10 èdtan pa jou

Pandan adolesan w lan ap fè tranzisyon pou li antre nan lavi granmoun, siveye siy ki di li ka gen risk oswa twouble, tankou si li:

  • Lwa Bonè

    • Twò gwo oswa mèg
    • Di yo manke valè oswa pale sou zafè suisid
    • Montre chanjman nan apeti, pwa oswa abitid manje, ki ka se yon siyal pou di gen yon pwoblèm manje

Pwogram yo

Jwenn sipò fanmi ou bezwen pou li byen devlope

IDNYC

NYC Jesyon Resous Imèn

Yon Kat Idantite Vil la ki gratis ti cheri

Nan pifò ka tout rezidan New York ki gen 10 zan oswa plis ka itilize IDNYC kòm yon pyès ID ofisyèl.

NYC Youth Leadership Councils (Komite Jèn Lidè NYC) (YLC)

NYC Service (Sèvis NYC)

Opòtinite lidèchip pou jèn yo

Gras ak YLC (Konsèy Lidèchip pou Jèn), jèn yo kapab ede kominote yo nan fòme politik, pratik, ak pledwaye pou fè chanjman nan tout vil la.

Pwogram Travay pou Jèn pandan sezon Ete (SYEP)

Depatman Jèn ak Devlopman Kominotè Vil New York (DYCD)

Fè eksperyans travay ki peye nan sezon ete pou jèn

Jiska sis (6) semèn eksperyans ki peye pou jèn ki gen ant 14-24 lane.