2 Mwa

Dekouvri konsèy, zouti, ak sipò pou laj sa a

Tibebe w la deja ap aprann ak grandi! Kontinye ankouraje li pandan li kòmanse souri bay moun, remake son epi siveye figi. Tibebe w la ka ap dòmi anpil tou—jiska 18 èdtan pa jou.

Defile desann pou w aprann plis bagay sou devlopman tibebe w la, jwenn sipò pou fanmi ou epi jwenn aktivite ki gratis pou nou ale ansanm.

Devlopman Sèvo

nan kizin nan avèk pitit ou, pale de sa wap fè, Sitou si ou remake yo enterese nan yon bagay, tankou vide on bòl oubyen yon gode. Di bagay tankou, "Dlo ale nan gode a." Gade kijan yo reponn. Yo ka gade w epi yo gade gode a.

Wè sa ki pitit ou a aprann

Ou ap ankouraje pitit ou pou aprann plis bagay sou monn ki antoure yo a lè ou remake sa ki enterese yo. Pale sou sa nap fè a ap prezante yo anpil nouvo mo, epi ede yo fè rapò ant mo yo ak bagay yo.
Vroom

Etap enpòtan yo

Konpetans tibebe yo devlope pandan y ap jwe, aprann, pale, aji ak deplase rele etap enpòtan. Jwenn enfòmasyon sou etap enpòtan yo pou ede w konprann devlopman tibebe w la epi aji bonè si w gen enkyetid.

Lè tibebe yo gen anviwon 2 mwa, anpil ladan yo:

  • Sosyal

    • Kòmanse souri bay moun
    • Kalme tèt yo pou yon ti tan
    • Eseye gade paran yo
  • Kominikasyon

    • Remake son
    • Fè son tankou son vwayèl yo, kri fò, glouglou, ak gougou
  • Aprantisaj

    • Siveye figi
    • Kòmanse suiv bagay ak je yo epi rekonèt moun nan yon distans
    • Kòmanse fè aksyon pou montre yo nui nan kriye oswa fè rechiya si yon aktivite pa chanje
  • Devlopman Fizik

    • Kenbe tèt yo anlè epi kòmanse pouse kò yo leve lè yo kouche sou vant
    • Fè mouvman ki pi soup avèk bra ak janm yo
  • Sante

    • Pran nitrisyon ki nesesè a nan lèt manman an oswa lèt anpoud nan bwat
    • Manje 8 a 12 fwa pa jou
    • Pran pwa regilyèman
    • Dòmi jiska 18 èdtan pa jou
    • Pran vaksen yo atan

Aji bonè lè w pale ak yon doktè, pwofesè oswa travayè sosyal si pitit ou a:

  • Lwa Bonè

    • Li pa reyaji fas ak gwo bri
    • Li pa gade bagay yo lè y ap bouje
    • Li pa souri bay moun
    • Li pa mete men nan bouch
    • Li pa kapab kenbe tèt li anlè lè l ap pouse kò li leve pandan li sou vant li

Pwogram yo

Jwenn sipò fanmi ou bezwen pou li byen devlope

Newborn Home Visiting Program (Pwogram Vizit Adomisil pou Ti bebe ki Fenk Fèt) (NHVP)

NYC Department of Health & Mental Hygiene (Depatman Sante & Ijèn Mantal NYC)

Vizit adomisil pou nouvo manman

Nouvo manman yo kapab resevwa sipò nan men yon pwofesyonèl sante pou ede yo nan kesyon bay tete, ba ou konsèy sou sante/sekirite, epi mete ou an kontak avèk resous kominotè yo.

Pwogram Nistrisyon Siplemantè Espesyal Pou Fanm, Tibebe, ak Timoun (WIC)

Depatman Sante Eta Nouyòk

Manje ki bon pou lasante pou fanmi yo

Manje ki bon pou lasante gratis, konsèy sou jan pou manje byen, sipò pou bay tete, ak referans pou fanm, tibebe, ak timoun ki poko gen senkan.

Safe Sleep Initiative (Pwogram Pou Ti Bebe Yo Kapab Dòmi Ansekirite)

NYC Department of Health & Mental Hygiene/NYC Administration for Children's Services (Depatman Sante & Ijèn Mantal NYC/Aministrasyon Sèvis pou timoun)

Edikasyon dòmi san danje & bèso pou ti bebe

Fanmi yo kapab jwenn enfòmasyon sou fason yo kapab kreye yon anviwònman ki ansekirite pou ti bebe yo epi yo kapab kalifye pou yo jwenn yon bèso gratis.