4 Lane

Dekouvri konsèy, zouti, ak sipò pou laj sa a

Pitit ou an ap pale epi konpetans sosyal yo pral kontinye devlope pandan ane sa a nan Pre-K! Kontinye pase tan avèk li pou w pale ak li. Tan n ap pase ansanm lan pral ede timoun kat (4) lane w la aprann pandan li kòmanse ap repete prenon ak siyati li, rakonte istwa ak dekri eksperyans li yo.

Defile desann pou w aprann plis bagay sou devlopman pitit ou a, eksplore edikasyon bonè, epi jwenn evènman ki gratis pou fanmi yo nan Vil New York.

Devlopman Sèvo

Bay pitit ou a twa fridòdòy diferan. Pale de sa ki menm ak sa ki diferan. Mande yo si yo ka mete menm kalite fridodòy ansanm (tankou tout fwi yo ansanm). Apresa mande yo si yo ka jwenn yon lòt jan pou yo ranje fridòdòy yo, tankou selon gwosè yo, fòm yo, oubyen koulè yo.

Wè sa ki pitit ou a aprann

Fè rapwòchman se yon bagay enpòtan nan aprann. Lè pitit ou a ap mete bagay yo angwoup, yap aprann bagay tankou gwosè, koulè ak fòm. Sa ede yo adapte fason yo ap reflechi tou lè yo wè ou ka gwoupe bagay yo diferan fason.
Vroom

Etap enpòtan yo

Konpetans timoun yo devlope pandan y ap jwe, aprann, pale, aji ak deplase rele etap enpòtan. Jwenn enfòmasyon sou etap enpòtan yo pou ede w konprann devlopman pitit ou a epi aji bonè si w gen enkyetid.

Sou anviwon 4 lane, anpil timoun:

  • Sosyal

    • Renmen fè nouvo bagay
    • Fè jwèt "Manman" oswa "Papa"
    • Vin pi kreyatif avèk jwèt similasyon
    • Pito jwe ak lòt timoun tan pou yo ret poukont yo
    • Kolabore avèk lòt timoun yo
    • Souvan pa kapab fè diferans ant sa ki reyèl ak ki imajinè
    • Pale sou sa ki enterese yo
  • Kominikasyon

    • Konnen kèk règ oswa gramè debaz, tankou fason pou itilize pwonon "li"
    • Chante yon chanson oswa resite yon powèm pa kè, tankou "Ti Arenyen Piti"
    • Rakonte istwa
    • Di prenon ak siyati yo
    • Reponn kesyon, montre yo konprann, epi suiv enstriksyon yo pi byen
    • Dekri eksperyans ak esprime panse ak santiman pi byen
  • Aprantisaj

    • Aprann nan fè jwèt
    • Anmezi pou yo fè diferans ant sa ki reyalite ak sa ki pa reyalite
    • Devlope kapasite refleksyon rapid tankou fè prediksyon, konparezon ak rezònman
    • Nonmen kèk koulè ak kèk chif
    • Konprann sa konte vle di
    • Kòmanse konprann lè
    • Sonje plizyè pati nan yon istwa
    • Konprann sa ki "menm" ak sa ki "diferan"
    • Fè desen yon moun ki gen 2 - 4 pati nan kò li
  • Devlopman Fizik

    • Sote epi kanpe sou yon pye pandan jiska 2 segonn
    • Atrap yon boul ki rebondi souvan
    • Vide likid, kraze pwòp manje yo, epi itilize sizo anba siveyans
  • Sante

    • Pran 5 ons sereyal chak jou (tankou 1 tas sereyal pou manje maten plis 1 tas gwo tòtiya)
    • Pran 1 tas 1/2 legim chak jou (tankou 3 karòt mwayen)
    • Pran 1 tas a 1 tas 1/2 fwi chak jou (tankou 1 pòm mwayen oswa gwo pòm OSWA 1 tas a 1 tas 1/2 100% ji fwi)
    • Pran 2 tas 1/2 lèt chak jou
    • Pran 4 ons vyann ak pwa chak jou (tankou 1 blan poul plis 1 ze)
    • Fè omwen 1 minit aktivite fizik granmoun dirije
    • Dòmi anviwon 10 - 13 èdtan pa jou
    • Pran vaksen yo atan

Aji bonè lè w pale ak yon doktè, pwofesè oswa travayè sosyal si pitit ou a:

  • Lwa Bonè

    • Li pa kapab sote sou plas
    • Li gen pwoblèm pou fè majigridi
    • Li pa montre li enterese nan jwèt entèyaktif yo oswa jwèt similasyon yo
    • Li inyore lòt timoun yo oswa li pa reyaji fas ak moun ki pa nan fanmi
    • Li pa vle mete rad sou li, dòmi ak itilize twalèt
    • Li pa kapab rakonte yon istwa li renmen ankò
    • Li pa konprann sa ki "menm" ak sa ki "diferan"
    • Li pa itilize pwonon "mwen" ak "ou" byen

Pwogram yo

Jwenn sipò fanmi ou bezwen pou li byen devlope

Pre-K for All (Pre-K)

Depatman Edikasyon NYC (Department of Education, DOE)

Preskolè gratis pou timoun ki gen 4 tran.

Enskri pitit ou nan yon pwogram preskolè gratis, bon kalite pou tout jounen.

Head Start

Depatman Edikasyon NYC (DOE)

Swen ak Edikasyon pou timoun ki gen 3 a 4 lane ki nan fanmi ki gen ti mwayen ekonomik.

Pwogram Head Start yo gratis epi yo fonksyone tout ane a pandan omwen 8 èdtan chak jou.