Lajan pou achte manje

Pwogram Èd Nitrisyon Siplemantè (SNAP) | NYC Jesyon Resous Imèn

Manje Tout moun

Jwenn èd pou peye pou manje ak SNAP. Pafwa yo rele avantaj SNAP yo koupon manje. Yo vini sou yon kat debi ou kapab itilize nan plizyè makèt ak mache kiltivatè.

  • Ou kapab aplike pou Èd Lajan Kach, SNAP, Renouvèlman Medicaid an menm tan atravè aplikasyon Èd Lajan Kach la sou ACCESS HRA.
  • Si ou elijib, w ap resevwa avantaj ou yo nan 30 jou.
  • Fòk ou se yon sitwayen Ameriken oswa ou genyen estati imigrasyon ki satisfezan pou resevwa SNAP.
  • Ou kapab otorize yon moun ki konnen sitiyasyon moun nan kay ou aplike pou ou.
  • Ou ka bezwen pase yon entèvyou apre ou fin soumèt aplikasyon ou an. Yon travayè HRA ap rele ou si li bezwen plis enfòmasyon.
  • Tout rezidan NYCHA ak benefisyè SNAP ki genyen 16 lane e plis yo elijib pou yo jwenn rabè pou yo vin manm Citi Bike. Pou $5 dola pa mwa, w ap ka monte bekàn pou yon 45 minit kantite fwa ou vle epi jwenn aksè nan plizyè milye bekàn atravè Manhattan, Brooklyn, Queens ak Jersey City.

Ki moun ki kalifye

Pwogram sa a egzamine plizyè bagay pou li deside si ou elijib. Men bagay yo:

  • kantite kòb ou fè
  • kantite kòb ou resevwa gras ak avantaj
  • kantite moun ki nan kay ou
  • sitwayènte w oswa estati imigrasyon ou

Ki sa ou bezwen pou aplike

Pou w kalifye pou SNAP w ap bezwen pwouve bagay sa yo:

  • Idantifikasyon ou: tankou yon pyès idantite ak foto, lisans chofè, paspò, sètifika natiralizasyon, oswa dosye lopital.
  • Ki kote ou abite: tankou yon lèt pwopriyetè kay ou a, yon resi lwaye resan ou te peye, kontra kay, oswa etadkont ipotèk.
  • Revni ou (si genyen): tankou yon sous chèk resan, dosye biznis, dènye deklarasyon taks, oswa yon etadkont Avantaj Asirans Chomaj.
  • Sitwayènte oswa sitiyasyon imigrasyon ou: tankou batistè, paspò ameriken, oswa dosye sèvis militè.
    • Menm si ou resevwa SNAP sa p ap afekte ka imigrasyon ou oswa fè yo depòte ou.

Gade nan gid dokiman SNAP la pou wè ki lòt bagay ou ka itilize kòm prèv.


Kouman pou aplike

Gen plizyè fason ou kapab aplike pou SNAP:

  • Aplike anliy gras ak ACCESS HRA. Ou kapab aplike pou Èd Lajan Kach, SNAP, Renouvèlman Medicaid an menm tan.
  • Aplike fas-a-fas nan nenpòt Sant SNAP oswa nan yon òganizasyon kominotè ki ap patisipe (community-based organization, CBO).
  • Si ou ap aplike pou Èd Lajan Kach, ou gendwa aplike pou avantaj SNAP yo an menm tan nan yon Sant Travay HRA.
  • Aplike pa lapòs oswa faks: telechaje aplikasyon an oswa rele liy enfòmasyon HRA a nan 718-557-1399 pou w fè yo voye aplikasyon w lan ba ou pa lapòs. Fakse aplikasyon ou ranpli a nan 917-639-1111 oswa voye li pa lapòs nan:
    Division of SNAP Services, Mail Application & Referral Unit (MARU)

    P.O. Box 24510
    Brooklyn, NY, 11201

Kòman ou kapab jwenn èd

Lòt Manje Pwogram yo

Pwogram Èd ak Manje Ijan (EFAP)

NYC Jesyon Resous Imèn (NYC Human Resources Administration, HRA)

Jwenn manje ijan kounye a

Jwenn byen rapid manje gratis nan kantin ak kizin kominotè yo.

Pwogram Nistrisyon Siplemantè Espesyal Pou Fanm, Tibebe, ak Timoun (WIC)

Depatman Sante Eta Nouyòk

Manje ki bon pou lasante pou fanmi yo

Manje ki bon pou lasante gratis, konsèy sou jan pou manje byen, sipò pou bay tete, ak referans pou fanm, tibebe, ak timoun ki poko gen senkan.

NeON Nutrition Kitchens (Kizin Nitrisyon NeON)

NYC Department of Probation (Depatman Pwobasyon NYC)

Enfòmasyon sou manje & nitrisyon

Kliyan Probation (ki anlibète sou kondisyon) yo ak lòt moun ki nan kominote a kapab jwenn manje, yo kapab jwenn resèt ki bon pou sante, yo kapab jwenn enfòmasyon sou nitrisyon, epi yo kapab jwenn demonstrasyon sou fason yo kuit manje gratis.

À May 12, 2023