5 Lane

Dekouvri konsèy, zouti, ak sipò pou laj sa a

Eksperyans pitit ou an nan lekòl matènèl ak tan li pase avèk ou an kapab prepare li pou anpil aprantisaj pi devan! Nan etap sa a, ou ka montre pitit ou a fè twalèt li, li ka gen konesans debaz nan matematik ak lekti, li ka renmen chante ak danse, epi li ka pale klè.

Aprann plis bagay sou devlopman timoun senk (5) lane w la, eksplore opsyon lekòl, epi jwenn aktivite gratis pou timoun ak fanmi nan Vil New York.

Devlopman Sèvo

Bay pitit ou a twa fridòdòy diferan. Pale de sa ki menm ak sa ki diferan. Mande yo si yo ka mete menm kalite fridodòy ansanm (tankou tout fwi yo ansanm). Apresa mande yo si yo ka jwenn yon lòt jan pou yo ranje fridòdòy yo, tankou selon gwosè yo, fòm yo, oubyen koulè yo.

Wè sa ki pitit ou a aprann

Fè rapwòchman se yon bagay enpòtan nan aprann. Lè pitit ou a ap mete bagay yo angwoup, yap aprann bagay tankou gwosè, koulè ak fòm. Sa ede yo adapte fason yo ap reflechi tou lè yo wè ou ka gwoupe bagay yo diferan fason.
Vroom

Etap enpòtan yo

Konpetans timoun yo devlope pandan y ap jwe, aprann, pale, aji ak deplase rele etap enpòtan. Jwenn enfòmasyon sou etap enpòtan yo pou ede w konprann devlopman pitit ou a epi aji bonè si w gen enkyetid.

Sou anviwon 5 lane, anpil timoun:

  • Sosyal

    • Vle fè kè zanmi yo kontan epi sanble avèk yo
    • Gen plis chans pou obeyi règ yo
    • Renmen chante, danse ak fè teyat
    • Konnen sèks yo
    • Montre plis endepandans
    • Fè diferans ant sa ki reyalite ak sa ki pa reyalite
    • Pafwa yo difisil epi pafwa yo renmen kowopere
  • Kominikasyon

    • Pale klè nèt
    • Rakonte yon istwa senp nan itilize fraz konplè
    • Itilize tan fiti, pa egzanp, "Grann mwen ap la"
    • Kapab di non ak adrès
  • Aprantisaj

    • Kapab konte 10 oswa plis bagay
    • Kapab fè desen yon moun ki gen omwen 6 pati nan kò li
    • Kapab ekri kèk lèt oswa chif an lèt detache
    • Kapab kopye yon triyang ak lòt fòm senp yo
    • Konnen bagay yo itilize chak jou yo, tankou lajan ak manje
  • Devlopman Fizik

    • Kanpe sou yon pye pandan 10 segonn
    • Kapab ponpe epi ka anmezi pou fè ti sote
    • Kapab fè soperiye, fè plake devan oswa dèyè
    • Itilize yon fouchèt ak kiyè epi pafwa yon kouto tab
    • Itilize twalèt poukont yo
    • Balanse ak grenpe
  • Sante

    • Pran 5 ons sereyal chak jou (tankou 1 tas sereyal pou manje maten plis 1 tas gwo tòtiya)
    • Pran 1 tas 1/2 legim chak jou (tankou 3 karòt mwayen)
    • Pran 1 tas a 1 tas 1/2 fwi chak jou (tankou 1 pòm mwayen oswa gwo pòm OSWA 1 tas a 1 tas 1/2 100% ji fwi)
    • Pran 4 ons vyann ak pwa chak jou (tankou 1 blan poul plis 1 ze)
    • Pran 2 tas 1/2 lèt chak jou
    • Fè omwen 1 èdtan aktivite fizik granmoun dirije
    • Fè 1 èdtan jwèt lib
    • Aktif pandan plis pase 1 èdtan alafwa, sof si y ap dòmi
    • Dòmi anviwon 10 - 13 èdtan pa jou
    • Pran vaksen yo atan

Aji bonè lè w pale ak yon doktè, pwofesè oswa travayè sosyal si pitit ou a:

  • Lwa Bonè

    • Li pa afiche yon pakèt emosyon
    • Li afiche konpòtman estrèm, tankou laperèz ki pa nòmal, li agresif, timid oswa tris
    • Li distrè fasil, li gen difikilte pou li konsantre sou yon aktivite pandan plis pase 5 minit
    • Li pa reyaji fas ak moun oswa li reyaji san reflechi oswa san prekosyon
    • Li pa kapab fè diferans ant sa ki reyalite ak sa ki pa reyalite
    • Li pa kapab di prenon ak siyati
    • Li pa pale sou aktivite oswa eksperyans chak jou yo
    • Li pa fè desen
    • Li pa kapab bwose dan li, lave ak seche men li oswa retire rad sou li san èd

Pwogram yo

Jwenn sipò fanmi ou bezwen pou li byen devlope

SchoolFood

NYC Depatman edikasyon

Manje maten ak manje midi nan lekòl

Elèv Vil New York yo ka jwenn manje maten ak manje midi chak jou ki gen lekòl.

Sant Sante ki nan Lekòl

Depatman Edikasyon NYC (NYC Department of Education, DOE); Depatman Sante & Ijèn Mantal NYC (NYC Department of Health & Mental Hygiene, DOHMH)

Swen sante gratis nan lekòl

Etidyan yo kapab jwenn swen sante gratis nan lekòl pa yo.