1 Lane

Dekouvri konsèy, zouti, ak sipò pou laj sa a

Pitit ou a ka vin pi fouyapòt toujou! Ankouraje li pandan li ap eksplore bagay yo nan frape yo, sekwe yo ak voye yo jete. Nan etap sa a, li ka reponn demann senp yo epi kòmanse fè pa poukont li.

Defile desann pou w aprann plis bagay sou devlopman timoun piti w la, jwenn sipò tankou gadri, epi jwenn aktivite ki gratis pou nou ale ansanm.

Devlopman Sèvo

nan kizin nan avèk pitit ou, pale de sa wap fè, Sitou si ou remake yo enterese nan yon bagay, tankou vide on bòl oubyen yon gode. Di bagay tankou, "Dlo ale nan gode a." Gade kijan yo reponn. Yo ka gade w epi yo gade gode a.

Wè sa ki pitit ou a aprann

Ou ap ankouraje pitit ou pou aprann plis bagay sou monn ki antoure yo a lè ou remake sa ki enterese yo. Pale sou sa nap fè a ap prezante yo anpil nouvo mo, epi ede yo fè rapò ant mo yo ak bagay yo.
Vroom

Etap enpòtan yo

Konpetans timoun yo devlope pandan y ap jwe, aprann, pale, aji ak deplase rele etap enpòtan. Jwenn enfòmasyon sou etap enpòtan yo pou ede w konprann devlopman pitit ou a epi aji bonè si w gen enkyetid.

Lè timoun yo gen anviwon 1 lane, anpil ladan yo:

  • Sosyal

    • Timid oswa pa alèz avèk etranje
    • Kriye lè manman oswa papa yo pati
    • Gen bagay ak moun yo pi pito
    • Montre yo gen laperèz nan kèk sitiyasyon
    • Pase yon liv lè yo vle tande yon istwa
    • Repete son oswa aksyon pou yo jwenn atansyon
    • Lonje bra oswa janm pou ede lè y ap mete rad sou yo
    • Fè jwèt tankou "kache figi"
  • Kominikasyon

    • Reponn demann senp aloral tankou "ban mwen liv la"
    • Itilize jès ki senp tankou sekwe tèt pou di "non" oswa fè babay
    • Fè son avèk chanjman ton, ki pi sanble ak pawòl
    • Di "mama" ak "dada" epi fè eksklamasyon tankou "o-o!"
    • Eseye di mo yo tande lòt moun di
  • Aprantisaj

    • Eksplore bagay yo nan fason ki diferan, tankou sekwe yo, frape yo oswa voye yo jete
    • Jwenn bagay ki kache byen fasil
    • Imite jès
    • Kòmanse itilize bagay yo kòmsadwa, tankou bwè nan yon gode oswa bwose cheve
    • Kapab frape de (2) bagay ansanm
    • Mete bagay yo nan yon bwat epi retire bagay yo nan bwat
    • Lage bagay yo san èd
    • Dige avèk lendèks yo
  • Devlopman Fizik

    • Pran pozisyon chita san èd
    • Drese kò yo pou yo kanpe
    • Kenbe mèb yo pou mache, yo rele "mawode"
    • Ka fè kèk pa san kenbe
    • Ka kanpe poukont yo
  • Sante

    • Manje manje ki kraze, ki moulen oswa koupe ak lòt manje ki mou avèk lèt manman
    • Dòmi anviwon 14 èdtan pa jou
    • Pran vaksen yo atan

Aji bonè lè w pale ak yon doktè, pwofesè oswa travayè sosyal si pitit ou a:

  • Lwa Bonè

    • Li pa rale
    • Li pa kanpe lè li jwenn sipò
    • Li pa di mo tankou "mama" oswa "dada"
    • Li pa aprann jès tankou voye men oswa sekwe tèt
    • Li pa lonje dwèt sou bagay

Pwogram yo

Jwenn sipò fanmi ou bezwen pou li byen devlope

Tibebe ak Timoun Piti

Depatman Edikasyon NYC (Department of Education, DOE)

Swen timoun gratis oswa ak yon pri ki ba pou timoun ki gen sis (6) semèn jiska de (2) lane

Sèvis gadri ak edikasyon pou timoun piti jiska 10 èdtan pa jou.

Early Intervention Program (Pwogram Entèvansyon Davans) (EIP)

Depatman Sante & Ijèn Mantal NYC (DOHMH)

Èd pou ti bebe ki fenk fèt ak pou timoun piti ki genyen andikap yo

Early Intervention se yon pwogram volontè pou ti bebe ki fenk fèt ak pou timoun piti ki genyen andikap oubyen ki genyen pwoblèm reta nan devlopaman ansanm ak sipò pou fanmi yo..