6 Mwa

Dekouvri konsèy, zouti, ak sipò pou laj sa a

Sèvo tibebe w la ap devlope rapid pandan peryòd sa a! Lè w pase tan pou w pale ak tibebe w la, sa kapab ede li aprann. Gade aprantisaj sa a k ap fèt ofiyamezi li kòmanse rekonèt figi moun li konnen, reyaji lè ou site non li, montre li fouyapòt, epi chita san sipò.

Defile desann pou w aprann plis bagay sou devlopman tibebe w la, jwenn sipò pou fanmi ou epi jwenn aktivite ki gratis pou nou ale ansanm.

Devlopman Sèvo

nan kizin nan avèk pitit ou, pale de sa wap fè, Sitou si ou remake yo enterese nan yon bagay, tankou vide on bòl oubyen yon gode. Di bagay tankou, "Dlo ale nan gode a." Gade kijan yo reponn. Yo ka gade w epi yo gade gode a.

Wè sa ki pitit ou a aprann

Ou ap ankouraje pitit ou pou aprann plis bagay sou monn ki antoure yo a lè ou remake sa ki enterese yo. Pale sou sa nap fè a ap prezante yo anpil nouvo mo, epi ede yo fè rapò ant mo yo ak bagay yo.
Vroom

Etap enpòtan yo

Fason tibebe w la jwe, aprann, pale, epi aji bay prèv enpòtan sou devlopman li.

Sa pifò timoun 6 mwa fè nan laj sa a:

  • Sosyal

    • Konnen figi moun yo konnen epi kòmanse idantifye moun ki se yon etranje
    • Renmen jwe avèk lòt moun, sitou paran yo
    • Reyaji fas ak emosyon lòt moun
    • Renmen gade tèt yo nan glas
  • Kominikasyon

    • Reyaji fas ak son nan fè son yo
    • Fè son pou montre lajwa ak degoutans
    • Makonnen vwayèl yo ansanm, tankou "a," "e," ak "o
    • " yo rele sa gazouyman
    • Kòmanse di son konsòn yo, tankou "m" ak "b"
    • Reyaji lè yo site non yo
  • Aprantisaj

    • Gade bagay ki toupre ozalantou yo
    • Mete bagay nan bouch yo
    • Montre yo fouyapòt epi yo eseye pran bagay ki kote yo pa ka rive
    • Kòmanse fè bagay pase nan yon men ale nan yon lòt
  • Devlopman Fizik

    • Woule nan toude direksyon yo, devan al dèyè epi dèyè al devan
    • Kòmanse chita san sipò
    • Sipòte pwa yo sou janm yo lè yo kanpe
    • Balanse kò yo, pafwa yo rale dèyè anvan yo fè devan
  • Sante

    • Kòmanse vle manje manje ki solid avèk lèt manman
    • Manje sereyal, pire legim ki gen yon sèl engredyan, fwi ak vyann
    • Dòmi 14 èdtan pa jou, ki gen ladan 3 - 4 èdtan nan jounen an
    • Pran vaksen yo atan

Aji bonè lè w pale ak yon doktè, pwofesè oswa travayè sosyal si pitit ou a:

  • Lwa Bonè

    • Li pa eseye rape bagay ki kote li ka pran
    • Li pa montre moun k ap bay swen yo okenn afeksyon
    • Li pa reyaji fas ak bri ki bòkote li
    • Li gen pwoblèm pou mete bagay nan bouch li
    • Li pa fè son vwayèl yo, tankou "a," "e," ak "o"
    • Li pa woule nan toude direksyon yo
    • Li pa ri ni pouse kri fò
    • Li parèt rèd anpil avèk mis ki sere oswa lage tankou yon pope twèl

Pwogram yo

Jwenn sipò fanmi ou bezwen pou li byen devlope

Tibebe ak Timoun Piti

Depatman Edikasyon NYC (Department of Education, DOE)

Swen timoun gratis oswa ak yon pri ki ba pou timoun ki gen sis (6) semèn jiska de (2) lane

Sèvis gadri ak edikasyon pou timoun piti jiska 10 èdtan pa jou.

Early Intervention Program (Pwogram Entèvansyon Davans) (EIP)

Depatman Sante & Ijèn Mantal NYC (DOHMH)

Èd pou ti bebe ki fenk fèt ak pou timoun piti ki genyen andikap yo

Early Intervention se yon pwogram volontè pou ti bebe ki fenk fèt ak pou timoun piti ki genyen andikap oubyen ki genyen pwoblèm reta nan devlopaman ansanm ak sipò pou fanmi yo..