3 Lane

Dekouvri konsèy, zouti, ak sipò pou laj sa a

Pandan w ap pase tan avèk pitit ou a, w ap ede memwa li grandi! Gade pwosesis sa a k ap reyalize ofiyamezi li kòmanse kenbe moun, evènman ak mouvman nan tèt li. Timoun piti w la ka aprann tou fason pou li mete ak retire rad sou li poukont li, imite mo ak aksyon epi monte ak desann mach eskalye (avèk siveyans).

Aprann plis bagay sou devlopman timoun piti w la, eksplore pwogram 3-K ak Pre-K, epi jwenn aktivite gratis pou timoun ak fanmi nan Vil New York.

Devlopman Sèvo

nan kizin nan avèk pitit ou, pale de sa wap fè, Sitou si ou remake yo enterese nan yon bagay, tankou vide on bòl oubyen yon gode. Di bagay tankou, "Dlo ale nan gode a." Gade kijan yo reponn. Yo ka gade w epi yo gade gode a.

Wè sa ki pitit ou a aprann

Ou ap ankouraje pitit ou pou aprann plis bagay sou monn ki antoure yo a lè ou remake sa ki enterese yo. Pale sou sa nap fè a ap prezante yo anpil nouvo mo, epi ede yo fè rapò ant mo yo ak bagay yo.
Vroom

Etap enpòtan yo

Konpetans timoun yo devlope pandan y ap jwe, aprann, pale, aji ak deplase rele etap enpòtan. Jwenn enfòmasyon sou etap enpòtan yo pou ede w konprann devlopman pitit ou a epi aji bonè si w gen enkyetid.

Lè timoun yo gen 3 lane, anpil ladan yo:

  • Sosyal

    • Imite granmoun ak zanmi yo
    • Montre afeksyon pou zanmi san yo pa mande yo
    • Tann tou pa yo nan jwèt
    • Montre enkyetid pou yon zanmi k ap kriye
    • Konprann sa "pou mwen" ak "pou li" vle di
    • Afiche anpil emosyon
    • Separe fasil ak manman ak papa
    • Kapab abiye ak dezabiye poukont yo
  • Kominikasyon

    • Suiv enstriksyon ki gen 2 oswa 3 etap
    • Di non bagay yo konnen plis yo
    • Konprann mo tankou "nan," "sou" ak "anba"
    • Di prenon, laj ak sèks
    • Di mo tankou "mwen," "nou," ak "ou" ak kèk pliryèl, tankou chen yo ak chat yo
    • Pale byen ase pou moun ki etranje yo konprann
    • Kontinye yon konvèzasyon nan itilize 2 oswa 3 fraz
  • Aprantisaj

    • Fè jwèt ki gen bouton, levye ak pyès ki demontab yo fonksyone
    • Fè jwèt similasyon avèk poupe, bèt ak moun
    • Jwe kastèt ki gen 3 oswa 4 moso
    • Kopye yon won avèk yon kreyon oswa kreyon koulè
    • Vire paj liv yo youn pa youn
    • Bati tou ki gen plis pase 6 blòk
  • Devlopman Fizik

    • Grenpe byen, kouri fasil, epi pedale yon bekàn twa (3) wou
    • Monte ak desann mach eskalye
    • Sere ak desere bouchon bokal yo ak vire manch pòt
  • Sante

    • Pran 3 ons sereyal chak jou (tankou 1 tas sereyal pou manje maten plis 1 tas diri)
    • Pran 1 tas legim chak jou (tankou 2 karòt mwayen OSWA 1 gwo tomat)
    • Pran 2 tas fwi chak jou (tankou 1 ti pòm plis 1 fig mi)
    • Pran 2 ons vyann ak pwa chak jou (tankou 2 tranch vyann kodenn OSWA yon demi (1/2) tas lantiy)
    • Pran 2 tas lèt chak jou
    • Fè omwen 30 minit aktivite fizik granmoun dirije
    • Fè 1 èdtan jwèt lib
    • Aktif pandan plis pase 1 èdtan alafwa, sof si y ap dòmi
    • Dòmi anviwon 10 - 13 èdtan pa jou
    • Pran vaksen yo atan

Aji bonè lè w pale ak yon doktè, pwofesè oswa travayè sosyal si pitit ou a:

  • Lwa Bonè

    • Li bave oswa pawòl li pa klè
    • Li pa pale ak fraz
    • Li pa konprann enstriksyon ki senp yo
    • Li pa kapab fè jwèt senp yo fonksyone, tankou tablo ki gen twou yo oswa kastèt senp yo
    • Li pa fè jwèt pran pòz oswa similasyon
    • Li pa vle jwe ak lòt timoun yo oswa jwèt
    • Li pa fè kontak je

Pwogram yo

Jwenn sipò fanmi ou bezwen pou li byen devlope

Head Start

Depatman Edikasyon NYC (DOE)

Swen ak Edikasyon pou timoun ki gen 3 a 4 lane ki nan fanmi ki gen ti mwayen ekonomik.

Pwogram Head Start yo gratis epi yo fonksyone tout ane a pandan omwen 8 èdtan chak jou.

3-K (3-K)

Depatman Edikasyon NYC (Department of Education, DOE)

Edikasyon preskolè pou timoun ki gen twa (3) lane

Yon edikasyon gratis, tout jounen epi bon kalite pou timoun ki gen 3 zan nan vil New York.

Pre-K for All (Pre-K)

Depatman Edikasyon NYC (Department of Education, DOE)

Preskolè gratis pou timoun ki gen 4 tran.

Enskri pitit ou nan yon pwogram preskolè gratis, bon kalite pou tout jounen.