9 Mwa

Dekouvri konsèy, zouti, ak sipò pou laj sa a

Tibebe w la resevwa enfòmasyon yo nan manyen, gade ak jwe. Chak moman ou pase avèk li se yon chans pou li aprann! Nan moman sa a, tibebe w la ka lonje dwèt sou bagay ak moun, fè jwèt tankou kache figi, epi rale nan kay la. Li pral dòmi anpil tou—jiska 14 èdtan pa jou!

Defile desann pou w aprann plis bagay sou devlopman tibebe w la, jwenn sipò pou fanmi ou epi jwenn aktivite ki gratis pou nou ale ansanm.

Devlopman Sèvo

nan kizin nan avèk pitit ou, pale de sa wap fè, Sitou si ou remake yo enterese nan yon bagay, tankou vide on bòl oubyen yon gode. Di bagay tankou, "Dlo ale nan gode a." Gade kijan yo reponn. Yo ka gade w epi yo gade gode a.

Wè sa ki pitit ou a aprann

Ou ap ankouraje pitit ou pou aprann plis bagay sou monn ki antoure yo a lè ou remake sa ki enterese yo. Pale sou sa nap fè a ap prezante yo anpil nouvo mo, epi ede yo fè rapò ant mo yo ak bagay yo.
Vroom

Etap enpòtan yo

Konpetans tibebe yo devlope pandan y ap jwe, aprann, pale, aji ak deplase rele etap enpòtan. Jwenn enfòmasyon sou etap enpòtan yo pou ede w konprann devlopman tibebe w la epi aji bonè si w gen enkyetid.

Lè tibebe yo gen anviwon 9 mwa, anpil ladan yo:

  • Sosyal

    • Ka pè moun yo pa konnen
    • Ka kole sou granmoun yo konnen
    • Gen jwèt yo pi renmen
  • Kominikasyon

    • Konprann "non"
    • Fè son ki diferan tankou "mamamama" ak "babababa"
    • Imite son ak jès lòt moun
    • Itilize dwèt yo pou montre bagay
  • Aprantisaj

    • Gade yon bagay pandan l ap tonbe
    • Chèche bagay yo wè yon moun sere
    • Fè jwèt kache figi
    • Mete bagay nan bouch yo
  • Devlopman Fizik

    • Kenbe yon bagay pou yo kanpe
    • Pran pozisyon chita epi chita san sipò
    • Pran api sou kò yo pou leve kanpe
    • Rale
    • Ranmase bagay, tankou moso sereyal, ant dwèt pous la ak lendèks
    • Deplase bagay yo dousman soti nan yon men ale nan yon lòt
  • Sante

    • Manje manje ki kraze ak fouchèt, ki moulen oswa koupe ak lòt manje ki mou avèk lèt manman
    • Manje sereyal, pire legim ki gen yon sèl engredyan, fwi ak vyann
    • Dòmi 14 èdtan pa jou
    • Pran vaksen yo atan

Aji bonè lè w pale ak yon doktè, pwofesè oswa travayè sosyal si pitit ou a:

  • Lwa Bonè

    • Li pa kenbe pwa sou janm yo avèk sipò
    • Li pa leve chita avèk èd
    • Li pa gazouye, fè son tankou "mama", "baba", oswa "dada"
    • Li pa jwe okenn jwèt ki gen aksyon ale retou
    • Li pa reyaji lè yo site non li
    • Li pa sanble rekonèt moun li konnen
    • Li pa gade kote ou lonje dwèt ou
    • Li pa pase jwèt nan yon men ale nan lòt men an

Pwogram yo

Jwenn sipò fanmi ou bezwen pou li byen devlope

Tibebe ak Timoun Piti

Depatman Edikasyon NYC (Department of Education, DOE)

Swen timoun gratis oswa ak yon pri ki ba pou timoun ki gen sis (6) semèn jiska de (2) lane

Sèvis gadri ak edikasyon pou timoun piti jiska 10 èdtan pa jou.

Early Intervention Program (Pwogram Entèvansyon Davans) (EIP)

Depatman Sante & Ijèn Mantal NYC (DOHMH)

Èd pou ti bebe ki fenk fèt ak pou timoun piti ki genyen andikap yo

Early Intervention se yon pwogram volontè pou ti bebe ki fenk fèt ak pou timoun piti ki genyen andikap oubyen ki genyen pwoblèm reta nan devlopaman ansanm ak sipò pou fanmi yo..