13-14 lane

Dekouvri konsèy, zouti, ak sipò pou laj sa a

Gen anpil chanjman k ap fèt kay adolesan w lan! Nan etap sa a, li ka fini lekòl entèmedyè pou li kòmanse lekòl segondè, kòmanse premye travay, fòme, epi enterese nan zafè fè mennaj. Zanmi adolesan w yo ka vin jwe yon wòl enpòtan nan lavi li, men ou kapab rete enpòtan tou.

Aprann plis bagay sou devlopman pitit ou a, eksplore resous ki disponib yo, epi jwenn aktivite gratis pou adolesan yo pi ba a.

Etap enpòtan yo

Devlopman an kontinye nan laj adolesans epi li rive nan laj granmoun! Jwenn enfòmasyon sou kwasans adolesan w lan ak sa pou w siveye pandan moman eksitasyon sa a.

Lè adolesan yo gen 13 - 14 lane, anpil ladan yo:

  • Sosyal

    • Pi bon nan kontwole emosyon ak konpòtman yo
    • Kòmanse devlope zanmitay avèk sèks opoze a
    • Montre plis enterè pou imaj kò yo, aparans yo ak rad yo
    • Enterese plis nan zafè byen ak mal
  • Kominikasyon

    • Konprann diferans ant langaj figiratif ak literal
    • Konprann fason yo kapab itilize mo yo nan kontèks ki diferan
  • Aprantisaj

    • Li diferan kalite liv epi ekri pou esprime lide yo
    • Itilize yon pi gwo vokabilè pou pale sou lide ki konplèks yo
    • Metrize matematik debaz, tankou adisyon, soustraksyon, miltiplikasyon ak adisyon
  • Devlopman Fizik

    • Konnen seksyalite
    • Itilize deyodoran
    • Montre siy ki di yo fòme
  • Sante

    • Pran 6 a 8 ons sereyal chak jou (tankou 1 bagel plis 1 diri)
    • Pran 2 tas 1/2 a 3 tas legim chak jou (1 gwo piman dou plis 2 gwo pye seleri)
    • Pran 1 tas 1/2 a 2 tas fwi chak jou (1 fig mi plis 1/2 tas fwi sèk)
    • Pran 5 a 6 ons vyann ak pwa chak jou (1 bwat ton plis 2 ze)
    • Pran 3 tas lèt chak jou
    • Fè 1 èdtan aktivite fizik chak jou
    • Dòmi anviwon 8 - 10 èdtan pa jou

Pandan adolesan w lan ap fè tranzisyon pou li antre nan lavi granmoun, siveye siy ki di li ka gen risk oswa twouble, tankou si li:

  • Lwa Bonè

    • Gwo chanjman tanperaman, tankou kè kontan ak eksitasyon yon minit epi tristès ak depresyon lòt minit la
    • Dòmi pandan plis pase 10 èdtan pa jou oswa chanje abitid somèy yo
    • Pase twòp tan poukont yo

Pwogram yo

Jwenn sipò fanmi ou bezwen pou li byen devlope

IDNYC

NYC Jesyon Resous Imèn

Yon Kat Idantite Vil la ki gratis ti cheri

Nan pifò ka tout rezidan New York ki gen 10 zan oswa plis ka itilize IDNYC kòm yon pyès ID ofisyèl.

Pwogram Travay pou Jèn pandan sezon Ete (SYEP)

Depatman Jèn ak Devlopman Kominotè Vil New York (DYCD)

Fè eksperyans travay ki peye nan sezon ete pou jèn

Jiska sis (6) semèn eksperyans ki peye pou jèn ki gen ant 14-24 lane.

Sistèm Konplè Pou Pwogram Apre Lekòl NYC (COMPASS NYC)

Depatman Jèn ak Devlopman Kominotè NYC (DYCD)

Pwogram apre lekòl pou elèv yo

COMPASS NYC gen plizyè santèn pwogram pou jèn moun kòmanse nan klas matènèl jouk nan klas 12yèm ane.