9 Lane

Dekouvri konsèy, zouti, ak sipò pou laj sa a

Timoun nèf (9) lane w la ap vin pi endepandan. Li ka fè zanmi ki pi byen ak li. Se yon eleman enpòtan nan devlopman an. Li ka vin pi enterese tou nan aktivite deyò lekòl la epi santiman lòt moun yo enterese li—men li fè atansyon ak enfliyans zanmi kapab fè sou li nan etap sa a! Defile desann pou w aprann plis bagay sou devlopman pitit ou a, eksplore resous ki disponib pandan ak apre lekòl, epi jwenn evènman ki gratis nan Vil New York.

Etap enpòtan yo

Konpetans timoun yo devlope pandan y ap jwe, aprann, pale, aji ak deplase rele etap enpòtan. Jwenn enfòmasyon sou etap enpòtan yo pou ede w konprann devlopman pitit ou a epi aji bonè si w gen enkyetid.

Lè timoun yo gen 9 lane, anpil ladan yo:

  • Sosyal

    • Kòmanse wè avantaj ki genyen nan suiv nòm sosyal yo
    • Chèche fè zanmi selon enterè komen ak entimite
    • Patisipe nan aktivite deyò klas yo
    • Kòmanse konpran pwendvi lòt moun yo
  • Kominikasyon

    • Kenbe kontak je lè y ap koute
    • Pataje lide ak opinyon nan di pawòl klè
    • Itilize jagon timoun parèy li yo itilize
  • Aprantisaj

    • Gen yon dire atansyon ki pi long
    • Devlope konpetans yo nan zafè li, ekri ak matematik chak jou ki kadre avèk Nòm Debaz Komen yo
    • Itilize konpetans nan zafè li ak ekri a deyò lekòl la pou fè lis pwovizyon, desen ak lòt aktivite
    • Konekte lide yo, òganize agiman yo epi analize mo ki difisil yo
  • Devlopman Fizik

    • Kòmanse montre siy y ap fòme
    • Montre yo gen plis konesans sou sa kò yo kapab fè
    • Kontwole alafwa gwo mis ak ti mis yo
    • Anmezi pou yo naje (si yo montre yo)
    • Patisipe nan aktivite monte desann sou teren jwèt avèk konfyans
  • Sante

    • Pran 5 ons sereyal chak jou (tankou 1 tas sereyal pou manje maten plis 1 tas gwo tòtiya)
    • Pran 1 tas 1/2 legim chak jou (tankou 3 karòt mwayen)
    • Pran 1 tas a 1 tas 1/2 fwi chak jou (tankou 1 pòm mwayen oswa gwo pòm OSWA 1 tas a 1 tas 1/2 100% ji fwi)
    • Pran 4 ons vyann ak pwa chak jou (tankou 1 ti blan poul plis 1 ze)
    • Pran 2 tas 1/2 lèt chak jou
    • Fè 1 èdtan aktivite fizik mwayen rive nan entans anpil chak jou, ki gen ladan plizyè peryòd aktivite ki dire 15 minit
    • Dòmi anviwon 9 - 11 èdtan pa jou
    • Pran vaksen yo atan

Aji bonè lè w pale ak yon doktè, pwofesè oswa travayè sosyal si pitit ou a:

  • Lwa Bonè

    • Li gen ti kapasite oswa li pa gen kapasite pou l wè bagay yo selon pwendvi yon lòt moun
    • Li montre li fristre epi li manke konfyans nan tèt li
    • Li pa kapab suiv enstriksyon aloral ak enstriksyon alekri nan klas
    • Li mwens anmezi pou li kenbe aktivite fizik
    • Evite fè jwèt dezòd oswa manyen kèk teksti, tankou sab, penti, kòl oswa tep
    • Li fatige fasil lè l ap fè yon devwa ekriti
    • Nan konvèzasyon, li souvan pa nan sijè a
    • Li pa kapab chita dwat

Pwogram yo

Jwenn sipò fanmi ou bezwen pou li byen devlope

Sant Sante ki nan Lekòl

Depatman Edikasyon NYC (NYC Department of Education, DOE); Depatman Sante & Ijèn Mantal NYC (NYC Department of Health & Mental Hygiene, DOHMH)

Swen sante gratis nan lekòl

Etidyan yo kapab jwenn swen sante gratis nan lekòl pa yo.

SchoolFood

NYC Depatman edikasyon

Manje maten ak manje midi nan lekòl

Elèv Vil New York yo ka jwenn manje maten ak manje midi chak jou ki gen lekòl.

Sistèm Konplè Pou Pwogram Apre Lekòl NYC (COMPASS NYC)

Depatman Jèn ak Devlopman Kominotè NYC (DYCD)

Pwogram apre lekòl pou elèv yo

COMPASS NYC gen plizyè santèn pwogram pou jèn moun kòmanse nan klas matènèl jouk nan klas 12yèm ane.