Mande pitit ou a pou l ede n nan kizin nan. Kite yo ranje yon etajè epi vini ak pwòp jan pa yo pou yo gwoupe bagay yo. Si yo bezwen èd, pa gen pwoblèm pou nou ba yo lide tankou “mete bwat yo bò isit, mete mamit yo pa lòtbò.” Oubyen yo ka mete bagay sèk yo tankou sereyal ak bonbon ansanm. Ou ka menm ba yo yon twal pou yo netwaye etajè yo pou ede w kòmanse. Pifò timoun renmen fè aktivite granmoun tankou sila a!

Wè sa ki pitit ou a aprann

Pitit ou a ap devlope sèvo l lè yap òganize bagay yo epi mete yo angwoup. Kapasite sa yo ap ede yo ak matematik, lekti, ak syans pi devan nan lavi yo. Lè yo ap fè travay granmoun, sa ap ede yo wè bagay yo selon pwennvi yon lòt moun.

Share this tip


Gid Ki Gen Rapò Ak Laj

4 Lane

Timoun yo aprann anpil bagay nan Pre-K! Dekouvri sa pou w atann ane sa a epi dekouvri resous ki pou ede sipòte kwasans pitit ou a.

5 Lane

Timoun senk (5) lane w la ap prann epi l ap grandi! Jwenn evènman, pwogram, ak konsèy pou ede sipòte kwasans li.

Plis Konsèy Konsa

Bay pitit ou a twa fridòdòy diferan. Pale de sa ki menm ak s... Eseye konsèy sa a
Ou menm ak pitit ou a nou youn apre lòt vini ak mo ki esplik... Eseye konsèy sa a