Sant Enplikasyon Familyal pou Timoun ki nan Laj Lekòl ak Timoun Piti yo (School-Age and Early Childhood Family Engagement, FACE) ede fanmi ki gen timoun ki gen andikap yo enplike yo nan edikasyon pitit yo. Yo devlope relasyon kominotè pou fanmi yo tou epi bay enfòmasyon ak fòmasyon konsènan opsyon sèvis pou timoun soti depi lè yo fèt rive laj 21 lane.
- Elèv yo ak fanmi yo kapab jwenn sèvis yo gratis
- Seyans fòmasyon yo gratis tou
Ki moun ki kalifye
Tout fanmi nan NYC ki ap pran swen yon timoun ki gen andikap elijib pou resevwa sèvis yo gratis. Fòmasyon yo ouvè pou tout moun.
Kòman ou kapab jwenn èd
Kontakte Sant Enplikasyon Familyal pou Timoun ki nan Laj Lekòl ak Timoun Piti yo (School-Age and Early Childhood Family Engagement, FACE)
- Pa imel: Rich Overton
- Pa telefòn: 212-677-4660 (Anglè) oswa 212-677-4668 (Panyòl)
- An pèsòn nan:
INCLUDEnyc
116 East. 16th St., 5th flr, New York, NY 10003 - Jwenn plis enfòmasyon sou sitwèb la
À September 15, 2020