Konsènan Vroom® & Devlopman Sèvo

Vroom se yon pwogram entènasyonal ki pèmèt ni paran yo ni moun ki ap bay swen yo patisipe aktivman nan devlopman prekòs sèvo timoun pa yo nan transfòme ni moman yo pataje yo ni moman chak jou yo an Brain Building Moments®.

Lè Vroom retire syans prekòs sèvo a anndan laboratwa a epi li mete l deyò nan men moun ki ap bay swen yo, li pèmèt paran yo konprann ki travay yo ap fè deja pou yo kapab ede sèvo timoun pa yo a devlope, epi li ankouraje pou genyen plis travay konsa ki fèt toujou.

Pou Growing Up NYC kapab ede paran ki abite Vil New York yo ak moun ki ap bay swen ki abite Vil New York yo, li chwazi Vroom TipsTM ki disponib nan Akonpayman nan Devlopman Sèvo. Pou ou kapab jwenn tout konsèy yo, ale sou sitwèb Vroom.org la.

Braining Building 101 (Devlopman Sèvo 101)

Sèvo yon timoun fèt ak kab ki dwe devlope depi lè li fenk fèt! Li kòmanse ak plizyè milyon selil ki nan sèvo a. Pandan premye ane anfans timoun ou an, genyen plizyè milyon koneksyon ki fèt nan sèvo li pandan chak grenn segond. Sa se anpil devlopman ki ap fèt nan sèvo li!

Lè ou genyen esperyans ki pozitif ak esperyans ki ankourajan ak timoun sa kapab pèmèt sèvo li vin pi fò epi sa ka pèmèt sèvo li vin fleksib. Sa pèmèt ou vin moun #1 nan devlopman sèvo timoun ou an! Aprann plis bagay toujou sou devlopman sèvo pa mwayen Vroom.

Brain Building BasicsTM

Videyo angajman sa a ap pèmèt piblik yo genyen yon apèsi sou syans ki chita sou Prensip Fondamantal nan Devlopman Sèvo a ki se fondman konsèy Vroom yo: Gade li, Suiv li, Diskite avèk li, Ba li fè yon ti kout, epi Ale Pi Lwen. Zouti sa yo esplike ki fason granmoun kapab ede sèvo yon timoun vin pi fò byen fasil.

 

Senk (5) aksyon sa yo ap pèmèt sèvo timoun ou an vin pi fò

Gade li
Timoun yo sèvi ak je yo pou kapab aprann. Gade pou ou wè kisa ki atire atansyon timoun ou an epi pale sou sa avèk li. Gade li nan je pou ou kapab pwoche li, apre sa souri, diskite avèk li, ba li akolad, oubyen fè grimas pou li kapab ri!

Suiv li
Timoun ou an aprann pi byen lè ou suiv egzanp pa li. Adapte ou ak mond timoun ou an, adapte ou ak son li yo, adapte ou ak lide li yo, epi adapte ou ak mouvman li yo! Apre sa reyaji ni avèk pwòp mo pa ou ni avèk pwòp aksyon pa ou.

Diskite avèk li
Sèvo timoun aktive lè ou ap pale avèk yo, lè ou ap chante pou yo, epi lè nou youn ap imite son lòt fè. Alò diskite sou jounen ou avèk li, diskite sou manje ou avèk li, epi diskite sou bagay ki nan anviwònman ou avèk li, oubyen fè son ak yon enstriman a kòd pou li pou diskisyon an kapab yon distraksyon!

Ba li Fè yon Ti Kout
Timoun aprann nan fè yon ti kout lè ou ap jwe avèk li, lè ou ap pale avèk li, oubyen lè ou ap chache avèk li. Lè yo fini, fè ti kout pa ou la. Apre sa repete: yo fè li, ou fè li tou, yo fè li, ou fè li tou!

Ale pi lwen
Sèvo timoun yo vin pi fò lè ou ede yo ale pi lwen nan aprantisaj yo. Kite yon ti tan pase: poze timoun ou an yon kesyon ki kòmanse ak kisa, poze li yon kesyon ki kòmanse ak ki lè, poze li yon kesyon ki kòmanse ak ki kote, poze li yon kesyon ki kòmanse ak kòman, oubyen poze li yon kesyon ki kòmanse ak poukisa!

Kondisyon Itilizasyon

Kontni Vroom nan ak Dokiman Vroom yo se pwopriyete pa Fondasyon Fanmi Bezos (Bezos Family Foundation) epi ni lwa sou dwa dotè U.S yo ni lwa sou dwa dotè entènasyonal yo pwoteje yo. Pou ou kapab jwenn enfòmasyon sou kondisyon itilizasyon yo, tanpri vizite sitwèb vroom.org/terms nan.

À September 14, 2020