Lè w fin chanje daypè pitit ou yo, woule yo adwat agòch kote wap chanje l la. Fè yon ti pòz epi mande, “kontinye fè l?” Gade kijan yo reponn. Ou ka souke tèt ou, pou w di, “Ou di wi, sa vle di ou vle plis!” oubyen ou ka souke tèt ou, pou w di, “Ou di non, sa vle di ou fini.”
Wè sa ki pitit ou a aprann
Moman sa a ki rive chak jou se yon bon okazyon pou ede pitit ou a pratike kapasite yo pou yo kominike epi tande w epi reponn ou. Yo ap aprann tou kèk mo ak jès enpòtan nan men w ke yo pwal sèvi ak yo lè yo kòmanse pale.
Share this tip
Gid Ki Gen Rapò Ak Laj
Plis Konsèy Konsa
nan kizin nan avèk pitit ou, pale de sa wap fè, Sitou si ou ...
Eseye konsèy sa a
Èske ou gen yon glas lakay ou? Kenbe pitit ou a epi parèt de...
Eseye konsèy sa a