Sèvis pou ede ou rete lakay ou epi evite w antre nan abri

Homebase | NYC Jesyon Resous Imèn

Lojman Gadyen

Homebase kapab ede w si w gen risk pou w vin sanzabri. Yo gen lokal atravè senk minisipalite Vil Nouyòk yo epi yo ofri yon pakèt sèvis pou ede w si w gen pwoblèm kay.

  • Nou ankouraje nenpòt moun ki ka bezwen sèvis Homebase pou yo rele biwo ki nan lokalite yo a yon fason pou yo kapab egzamine sitiyasyon espesyal ou a epi pou yo ba w sipò. Menm si ou pa kalifye, Homebase kapab ede w idantifye resous ki ka ede w yo.
  • Homebase ap ede w devlope yon plan ki adapte pou ou pou w rezoud pwoblèm kay ou genyen an tousuit, pou w vin estab nan yon kay.
  • Ou pa oblije rete tann lè ou devan yon tribinal lojman pou w mande Homebase èd.
  • Homebase kapab ede avèk yon pil sèvis, tankou:
    • Sèvis pou evite degèpisman
    • Èd pou jwenn avantaj piblik
    • Èd pou lokasyon annijans
    • Edikasyon ak èd pou jwenn travay
    • Konsèy finansye ak jesyon lajan
    • Èd pou demenaje
    • Èd finansye akoutèm

Ki moun ki kalifye

Ou ka kalifye pou sèvis Homebase yo si ou:

  • Ap viv nan youn nan senk (5) minisipalite Vil New York yo
  • Byento ou ka gen risk pou ou antre nan sistèm abri Vil Nouyòk la
  • Vle rete estab nan yon lojman nan kominote w la

Yo ankouraje nenpòt moun ki ka bezwen sèvis Homebase yo ale nan yon biwo lokal yon fason pou yo kapab egzamine sitiyasyon espesyal li a epi ofri li sipò. Menm si ou pa kalifye, Homebase kapab ede w idantifye resous ki ka ede w yo.


Ki sa ou bezwen pou aplike

Sa yo se dokiman ou dwe pote nan premye randevou w la. Si w pa gen tout dokiman sa yo, Homebase kapab toujou aksede ak dosye w la pou li kapab ede w.

  • Pyès idantite pou tout moun nan kay ki gen 18 lane yo oswa plis
  • Prèv revni/travay pou chak moun nan kay la k ap travay (dènye souch chèk peman ki gen dat 30 jou anvan randevou avèk Homebase la)
  • Si w gen yon dosye Èd Lajan Kach (Cash Assistance, CA) ki aktif, pote yon Lèt Bidjè CA oswa vèsyon eprime Sistèm Jesyon Alokasyon (Welfare Management System, WMS) ki gen dat nan espas 30 jou
  • Lèt chomaj
  • Revni Sekirite Siplemantè (SSI) oswa Sekirite Sosyal pou Andikap (Social Security Disability, SSD), Lèt Sibvansyon, ki gen dat ane ki sot pase a
  • Kopi kontra lwaye oswa kontra lokasyon alekri
  • Referans asistans pou lwaye, sètifika, koupon oswa lèt sibvansyon
  • Demann lwaye, lèt pwopriyetè kay oswa dokiman Tribinal yo
  • Bòdwo limyè, gaz ak telefòn

Kouman pou aplike

Mizajou: Tout lokal Homebase yo bay sèvis a distans pou ede nou anpeche moun ki enfekte pwopaje viris COVID-19 la.

  1. Rele 311 pou w ka jwenn yon lokal Homebase oswa gade kat HomeBase la epi chèche avèk kòd postal ou a.
  2. Rele pou w ka planifye yon reyinyon ak yon reprezantan Homebase. Nou dwe pran randevou an pèsòn yo davans.
  3. Pote tout kantite dokiman aplikasyon ou kapab pote nan premye randevou w la. Li pa nesesè pou w genyen tout dokiman yo pou w jwenn èd.
    • Remak: Si w gen timoun, ou pa bezwen mennen yo. Sepandan, ou dwe mache ak dokiman idantifikasyon yo.

Kòman ou kapab jwenn èd

Lòt Lojman Pwogram yo

NYC Housing Connect

Konsèvasyon ak Devlopman Lojman (Housing Preservation and Development, HPD) Vil New York / Konpayi Devlopman Lojman ki nan Vil New York (NYC Housing Development Corporation, HDC)

Tiraj pou jwenn lojman bon mache

Yon pòtay anliy kote w kapab aplike pou lwe oswa achte yon apatman oswa yon kay bon mache.

Sant Akèy pou Jèn moun ki Kite Kay yo ak Sanzabri yo

Depatman Jenès Ak Devlopman Kominotè (Department Of Youth And Community Development, DYCD) Vil New York

Sèvis ak sipò pou jèn ki sanzbri yo

Jèn ki gen ant 14–24 lane ki sanzabri yo kapab resevwa èd ak referans pou jwenn yon chèltè an ijans.

À June 16, 2022