Asirans sante pou timoun

Child Health Plus ak Medicaid pou Timoun (Children's Medicaid) (CHP) | Depatman Sante Eta New York (NYS Department of Health, NYS DOH)

Sante Tout moun

Timoun ki genyen pi piti pase 19 lane yo kapab jwenn swen medikal ki gratis oubyen ki bon mache nan Child Health Plus ak Children’s Medicaid.

  • Care disponib bòkote plizyè douzèn founisè nan tout eta New York la/
  • Kouvèti a disponib nan Child Health Plus (Sante Plis pou Timoun) kèlkeswa estati imigrasyon an.

Ki moun ki kalifye

Timoun ou an ka kalifye pou CHP oswa Medicaid pou Timoun si:

  • Yo poko gen laj 19 lane
  • Yo se abitan Eta New York
  • Lòt asirans sante pa kouvri yo (pou Child Health Plus)

Kalifikasyon ak depans chak pwogram depann tou de revni fanmi w. Tcheke tablo revni yo sou sit entènèt Eta New York la pou jwenn plis enfòmasyon.


Kouman pou aplike


Kòman ou kapab jwenn èd

  • Rele nan 800-698-4543 pou yo kapab ede ou ak aplikasyon an.
  • Ou kapab tou tèks “CoveredNYC” nan 877-877 pou jwenn èd enskripsyon gratis tou pre ou.
  • Ale sou sitwèb NYS Department of Health (Depatman Sante NYS) la pou ou kapab jwenn plis enfòmasyon toujou.
  • Chèche yon doktè ki tou pre ou. Ou kapab fè rechèch ak non oswa espesyalite oswa zòn.

Lòt Sante Pwogram yo

Health Insurance Assistance

Administrasyon Resous Imèn Vil New York / Depatman Sante Eta New York (NYS DOH)

Asirans sante nan pri ki ba epi gratis

Chèche jwenn èd pou ou konprann opsyon asirans sante ki abòdab pou ou a epi enskri nan yon plan.

Medicaid pou Fanm Ansent

Depatman Sante Eta New York

Asirans Sante pou Fanm Ansent

Sèvis medikal ak swen prenatal avèk Medicaid.

NYC Care

NYC Health + Hospitals (NYC H+H)

Aksè an swen sante gratis oswa pou yon ti kras kòb

Swen sante konplè pou tout rezidan Vil New York, kèlkeswa mwayen yo genyen pou peye oswa sitiyasyon yo ak imigrasyon.

À February 28, 2022