Akademi CUNY pou Papa (CUNY Fatherhood Academy, CFA) se yon pwogram gratis ki la pou papa ki jèn oswa pou gason ki genyen fanm ansent ki genyen ant 18 ak 30 lane. CFA pèmèt mesye yo prepare egzamen pou yo kapab jwenn yon diplòm ekivalans etid segondè (High School Equivalency, HSE) oswa pou yo kapab prepare yo pou yo antre nan inivèsite. Gason yo kapab jwenn kou patikilye, patisipe nan atelye sou fason yo kapab jwe wòl papa ak sou preparasyon pou travay, resevwa konsèy, jwenn motivasyon finansye ak plis bagay toujou.
- Ou kapab suiv kou nan Hostos Community College (Bronx), nan LaGuardia Community College (Queens), oubyen nan Kingsborough Community College (Brooklyn).
- CFA genyen de (2) opsyon: preparasyon pou ekivalans etid segondè ak preparasyon pou etid nan inivèsite.
- Etidyan yo jwenn MetroCards ak alokasyon.
- Participants (Patisipan) yo dwe rezidan New York City.
Ki moun ki kalifye
Pou ou kapab kalifye pou CUNY Fatherhood Academy, ou dwe anmezi pou ou reponn ”wi” pou kesyon sa yo.
Pou opsyon preparasyon pou ekivalans etid segondè a ak opsyon preparasyon pou etid nan inivèsite a:
- Ou abite New York City?
- Èske ou se yon papa oubyen ou se yon gason ki genyen fanm ansent?
Pou opsyon preparasyon pou ekivalans etid segondè a sèlman.
- Èske ou genyen ant 18 ak 30 lane?
- Èske ou kapab angaje ou nan yon pwogram 16 semèn pandan 3 jou pa semèn?
Pou opsyon preparasyon pou etid nan inivèsite a sèlman:
- Èske ou genyen ant 18 ak 30 lane?
- Èske ou genyen yon diplòm etid segondè, HSE diploma, oubyen yon diplòm GED?
- Èske ou genyen 12 kredi inivèsitè?
- Èske ou enskri nan yon inivèsite aktyèlman?
Kouman pou aplike
Pou ou kapab aplike pou CUNY Fatherhood Academy (Fòmasyon Akademik pou Papa ki nan CUNY), ranpli fòmilè pou inivèsite kote ou vle suiv kou a. Yon manm pèsonèl la ap kontakte ou nan yon tan ki pa long pou li kapab fè ou konnen ki lè sesyon oryantasyon an ap fèt.
- Aplike pou Hostos Community College
- Aplike pou LaGuardia Community College
- Aplike pou Kingsborough Community College
Kòman ou kapab jwenn èd
- Ale sou sitwèb CUNY Fatherhood Academy (Fòmasyon Akademik pou Papa ki nan CUNY) an pou ou kapab konnen plis bagay toujou sou pwogram nan.
- kontakte yon manm pèsonèl la pou li kapab ba ou enfòmasyon sou lekòl kote ou enterese suiv kou a:
- Kingsborough Community College
Kymel Yard, Program Director(Direktè Pwogram)
(t) 718-368-6784 (e) [email protected] - Hostos Community College
Danielle Allen, Program Director(Direktè Pwogram)
(t) 718-518-6831
(e) [email protected] - LaGuardia Community College
Raheem Brooks, Program Manager
(t) 718-730-7337
(e) [email protected]
- Kingsborough Community College
Lòt Edikasyon Pwogram yo
Middle School (Lekòl Primè)
NYC Department of Education (Depatman Edikasyon NYC)
Lekòl piblik: Klas 6yèm - 8yèm
Fason ou kapab konnen plis bagay sou pwosesis Middle School Admissions (Admisyon nan Lekòl Primè) a.
Accelerated Study in Associate Programs (Etid Akselere nan Pwogram Asosye) (CUNY ASAP)
Inivèsite Vil New York la (City University of New York, CUNY)
Fason yo ede ou jwenn diplòm CUNY ou an
Etidyan CUNY yo kapab jwenn èd finansye, èd akademik, ak èd pèsonèl ki pou pèmèt yo fini etid ki ap pèmèt jwenn diplòm asosye yo a.
Fòmasyon Pwofesyonèl & Fòmasyon Teknik (Career and Technical Education) (CTE)
Depatman Edikasyon Vil New York (NYC Department of Education, DOE)
Fòmasyon pwofesyonèl pou etidyan
Etidyan yo ka suiv fòmasyon pwofesyonèl pratik menm pandan y ap fini etid segondè yo oswa ekivalans etid segondè (High School Equivalency, HSE) yo.
À April 26, 2022