CUNY ASAP bay etidyan èd finansye, èd akademik, ak èd pèsonèl pou li kapab pèmèt yo jwenn yon diplòm 2-zan nan twa (3) lane. Avantaj sa yo se yon konseye ASAP, èd nan devlopmn karyè, èd nan frè eskolè pou etidyan ki bebefisye èd finansye, ak plis avantaj toujou. Pwogram nan disponib nan onz inivèsite ki fè pati CUNY ki nan tout senk (5) awondisman yo.
- Lòt avantaj pwogram nan genyen ankò se Metrocard ilimite ki gratis, èd pou etidyan kapab peye frè pou liv, ak chwa enskripsyon espesyal
- Pou etidyan ki enterese genyen (diplòm) lisans yo, pwogram. Accelerate, Complete, Engage, ACE (Akselere, Fini, Patisipe) a ofri yo menm avantaj ak pwogram ASAP la epi li disponib pou etidyan ki nan John Jay College of Criminal Justice ak nan Lehman College.
Ki moun ki kalifye
Pou kalifye pou CUNY ASAP, ou dwe:
- Aplike epi pase pou rantre nan yon kolèj CUNY ki ofri ASAP
- Se pou w se yon abitan Vil New York oswa se pou w kalifye pou frè ekolaj nan eta a
- Dakò antre nan yon pwogram diplòm asosye a plen tan nan yon majè apwouve ASAP
- Se pou w konpetan nan Matematik ak/oswa Anglè (lekti ak ekri)
- Pa gen plis pase 15 kredi kolèj ak yon minimòm GPA ki se 2.0.
Kouman pou aplike
Pou ou kapab patisipe nan pwogram ASAP la, suiv etap sa yo, yo pa difisil:
- Aplike nan yon inivèsite ki fè pati CUNY (CUNY college) ki genyen pwogram ASAP.
- Ranpli Free Application for Federal Student Aid, FAFSA a (Fòm Èd Federal Gratis pou Etidyan) ak fòm Tuition Assistance Program, TAP (Pwogram Èd Frè Eskolè) Eta New York.
- Asepte òf admisyon ou nan.
- Ranpli tout kondisyon admisyon pou inivèsite ou la, ansanm ak CUNY Assessment Tests (Tès Evaliyasyon CUNY) an si li nesesè.
- Verifye sou sitwèb ASAP inivèsite ou la pou ou kapab jwenn plis enfòmasyon toujou sou lòt kondisyon ak sou lòt etap yo.
Remak: Etidyan yo dwe ranpli fòm FAFSA a ak fòm New York State TAP la chak ane epi yo dwe asepte yon federal and state grant aid (yon èd federal ak yon èd eta) a bay (Pell, SEOG, TAP) pou yo kapab enskri nan ASAP.
Elèv ki anba Lwa Dream Eta New York la ka kalifye pou resevwa èd nan men leta, ki gen ladan TAP, Excelsior, ak lòt bous detid leta.
Si ou se oswa ou te nan swen adoptif, ou ka resevwa benefis adisyonèl, tankou:
- Ekolaj ak frè bousdetid (Admisyon, CUNY Start, ak Math Start)
- Asistans ekolaj entèresyon (kou ete gratis ak kou ivè)
- Pwoteksyon konplè MetroCards (Ranplasman MetroCards)
- Pwoteksyon konplè nan tout liv ak plis ankò
Elèv ki gen laj ant 17-25, kounye a oswa ansyen nan swen adoptif, ak enskri oswa sou track yo rantre nan ASAP oswa ACE yo ankouraje yo enskri pou CUNY ASAP Foster Care Initiative la.
Kòman ou kapab jwenn èd
- Ale sou sitwèb CUNY ASAP la pou ou kapab konnen plis bagay toujou sou pwogram nan
- Pase nan CUNY Welcome Center a (Sant Akèy Familyal CUNY an) pou yo kapab ede ou ak aplikasyon CUNY ou an epi pou ou kapab konnen plis bagay toujou sou lòt pwogram CUNY yo: 217 E. 42nd St. New York, NY 1001
Lòt Edikasyon Pwogram yo
Middle School (Lekòl Primè)
NYC Department of Education (Depatman Edikasyon NYC)
Lekòl piblik: Klas 6yèm - 8yèm
Fason ou kapab konnen plis bagay sou pwosesis Middle School Admissions (Admisyon nan Lekòl Primè) a.
Fòmasyon Pwofesyonèl & Fòmasyon Teknik (Career and Technical Education) (CTE)
Depatman Edikasyon Vil New York (NYC Department of Education, DOE)
Fòmasyon pwofesyonèl pou etidyan
Etidyan yo ka suiv fòmasyon pwofesyonèl pratik menm pandan y ap fini etid segondè yo oswa ekivalans etid segondè (High School Equivalency, HSE) yo.
Akademi pou Patètinite CUNY (CUNY Fatherhood Academy) (CFA)
The City University of New York (CUNY)
Lekòl segondè ak inivèsite pou papa ki jèn yo
Fòmasyon, anplwa, ak fason yo kapab jwe wòl papa pou papa ki genyen ant 18 ak 30 lane.
À January 21, 2022