Lekòl piblik: Klas 6yèm - 8yèm

Middle School (Lekòl Primè) | NYC Department of Education (Depatman Edikasyon NYC)

Edikasyon Timoun ki nan Lekòl Primè Pre-Adolesan

Lekòl primè ofri elèv yo opòtinite pou yo dekouvri kisa ki enterese yo, li pèmèt yo dekouvri nouvo sijè, epi li pèmèt yo aprann plis bagay sou tèt yo. Pandan admisyon yo, Etidyan ki abite Vil New York yo kapab aplike pou jiska 12 pwogram lekòl primè yo ta renmen ale ladan yo.

Aplikasyon lekòl presegondè pou sezon otòn 2022 la fèmen.

  • Majorite elèv Vil New York yo aplike pou lekòl primè pandan yo nan 5yèm ane, oswa si se pa sa, nan dènye ane lekòl elemantè yo.
  • Tout etidyan ki kalifye pou lekòl primè yo dwe depoze yon fòmilè ann ete, menm si yo konte ale nan lekòl ki nan zòn yo a oubyen menm si yo konte kontinye ale nan lekòl ki nan K-8 yo. Aplikasyon anliy pèsonalize yo a ap montre tout lekòl yo kalifye pou yo.
  • Elèv ki gen andikap yo swiv menm pwosesis admisyon lòt elèv yo swiv la.
  • Aprenan Lang Anglè (ELL) yo swiv menm pwosesis admisyon ak lòt elèv yo; yo kapab konsidere aplike nan pwogram ki pwojte yon lang kote yo ka jwenn priyorite.

Ki moun ki kalifye

Pou ou elijib pou aplike nan yon lekòl primè piblik nan Vil New York, timoun ou an ta dwe anmezi pou li reponn wi pou kesyon sa yo:

  • Èske ou se yon rezidan nan Vil New York?
  • Èske aktyèlman ou se yon etidyan ki ap fè 5yèm ane (oubyen ou se yon etidyan ki ap fè 6yèm ane aktyèlman nan yon lekòl primè ki rive nan 6yèm ane)?

Kouman pou aplike

Aplikasyon lekòl presegondè pou sezon otòn 2022 la fèmen.

Akoz yon gwo kantite aplikan ki genyen ki plis pase kantite syèj, òf lekòl primè yo pou lotòn 2022 a ap fèt avèk priyorite admisyon yo ak seleksyon o aza.

Fason ou kapab aplike pou admisyon nan yon lekòl primè ki piblik:

  1. Ale sou MySchools epi kreye yon kont oubyen antre sou kont ou an. Pale ak konseye padagojik ou an si ou bezwen èd.
  2. Itilize fòmilè pèsonèl ki sou MySchools la pou ou kapab wè pou ki pwogram pitit a kalifye epi pou ou kapab chache konnen yo tou.
  3. Chwazi jiska 12 opsyon pou ou kapab ajoute nan aplikasyon ou an selon vrè lòd priyorite w la, epi depoze li nan dat limit la.

Si ou fenk vin abite NYC, kontakte lekòl ki nan zòn ou an oubyen pase nan yon Family Welcome Center (Sant Akèy Familyal).


Kòman ou kapab jwenn èd

Lòt Edikasyon Pwogram yo

Pre-K for All (Pre-K)

Depatman Edikasyon NYC (Department of Education, DOE)

Preskolè gratis pou timoun ki gen 4 tran.

Enskri pitit ou nan yon pwogram preskolè gratis, bon kalite pou tout jounen.

Lekòl Matènèl ak Lekòl Elemantè

Depatman Edikasyon (Department of Education, DOE) NYC a

Lekòl piblik: Matènèl - 5yèm ane

Enskri pitit ou a nan matènèl lè li genyen senk (5) lane. Aprann konnen opsyon lekòl elemantè ou yo.

Accelerated Study in Associate Programs (Etid Akselere nan Pwogram Asosye) (CUNY ASAP)

Inivèsite Vil New York la (City University of New York, CUNY)

Fason yo ede ou jwenn diplòm CUNY ou an

Etidyan CUNY yo kapab jwenn èd finansye, èd akademik, ak èd pèsonèl ki pou pèmèt yo fini etid ki ap pèmèt jwenn diplòm asosye yo a.

À March 10, 2022