Èd pou timoun ki andanje

Pwogram Evaliyasyon pou Fanmi (Family Assessment Program) (FAP) | Administrasyon Sèvis pou Timoun NYC (NYC Administration for Children’s Services, ACS)

Sèvis pou Fanmi Tout moun

Fanmi yo kapab jwenn èd pou tout kalite pwoblèm, tankou yo kapab jwenn èd pou timoun ki pran pòz yo ale lekòl yo epoutan ki ale nan aktivite ki pa genyen anyen pou wè ak lekòl oubyen yo kapab jwenn èd pou timoun ki pran dwòg, atravè Family Assessment Program, FAP (Pwogram Evalyasyon pou Fanmi) an. FAP pèmèt fanmi yo jere sitiyasyon yo san lajistis pa antre nan koze yo.

  • Pèsonèl FAP an pral pale ak manm fanmi w konsènan sousi w genyen yo epi ofri yo kèk lòt opsyon pou ede yo.
  • Yo kapab pèmèt ou benefisye yon asistans anndan oswa toupre lakay ou tankou:
    • Entèvansyon nan moman kriz
    • Medyasyon
    • Konsèy-terapi pou fanmi
    • Sant Sèvis pou Abi Dwòg/Alkòl
    • Pwogram pou goumen kont Vyolans Domestik
    • Pwogram Jesyon Kòlè
    • Sèvis sante mantal

Ki moun ki kalifye

  • Timoun ki genyen jiska 18 lane yo ak fanmi pa yo ki genyen pwoblèm nan relasyon yo youn ak lòt kapab jwenn èd.
  • Nenpòt fanmi kapab jwenn èd nan men FAP; ou PA oblije genyen yon dosye ACS ki ankou.

Kòman ou kapab jwenn èd

  • Ale sou sitwèb pwogram FAP la pou ou kapab jwenn plis enfòmasyon toujou.
  • Imèl [email protected] pou poze kesyon
  • Kontakte biwo FAP via imèl oswa pa telefòn. Bwat imèl la ak telefòn yo reponn Lendi jiska Vandredi 9-5, epi tout mesaj yo pral retounen.

Biwo yo fèmen kounye a pou piblik la, men tout kesyon ak evalyasyon yo ka fèt via telefòn ak / oswa videyo.

Manhattan
Manhattan Family Court
60 Lafayette St., 2nd Floor
New York, NY 10013
212-341-0012

Brooklyn
345 Adams St., 8th Floor
Brooklyn, NY 11201
646-584-5178, 347-907-0464, or 646-584-8935

Queens
Queens Family Court, 4th Floor
151-20 Jamaica Ave.
Jamaica, NY 11433
718-725-3244 or 646-599-3308

Bronx
220 E. 161st St., 2nd Floor
Bronx, NY 10451
718-664-1800

Staten Island
350 St. Mark’s Place, 5th Floor
Staten Island, NY 10301
718-720-0418 or 646-276-4170

Lòt Sèvis pou Fanmi Pwogram yo

Pwogram Avantaj Planin Familyal (FPBP)

Depatman Sante Eta Nouyòk

Sèvis planin familyal konfidansyèl

Sèvis planin familyal gratis ak konfidansyèl pou adolesan, fanm, gason.

Sant Jistis Familyal yo (FJCs)

Biwo Majistra Vil New York pou Elimine Vyolans nan Kay ak Vyolans ki baze sou Sèks

Èd pou sivivan vyolans ki fèt pandan yon randevou, vyolans nan kay akvyolans ki baze sou sèks

Nou bay konsèy ak sèvis nan tout awondisman yo pou sivivan vyolans ki fèt pandan yon randevou, vyolans nan kay ak vyolans ki baze sou sèks.

Pwogram By My Side Birth Support (Pwogram Èd Kanpe Avèk Mwen Akouchman)

NYC Department of Health & Mental Hygiene (Depatman Sante & Ijèn Mantal NYC)

Èd gratis nan akouchman nan Central Brooklyn

Fanm-saj yo bay èd ki pa medikal ni anvan akouchman an, ni pandan akouchman an, ak ni aprè akouchman an.

À February 25, 2022