Sèvis planin familyal konfidansyèl

Pwogram Avantaj Planin Familyal (FPBP) | Depatman Sante Eta Nouyòk

Sèvis pou Fanmi Jenn Granmoun Gadyen

Pwogram sa a ede rezidan New York ki bezwen fè planin familyal, men ki ka pa gen mwayen pou yo fè li. Sèvis FPBP yo gen ladan planin (tankou grenn planin ak kapòt), planin annijans, ak konsèy sou planin familyal.

  • Lè ale nan yon klinik pou ede ou ak planin familyal, ou kapab mande pou kenbe seyans la prive.
  • Ou kapab aplike menm si ou pa gen asirans, asirans prive, oswa enskri nan Child Health Plus.
  • Ou pa bezwen bay resous finansyè (tankou etadkont labank) pou detèmine si ou kalifye.
  • Moun ki gen Medicaid yo pa kalifye.
  • Imigran ki pa gen papye ak moun ki gen viza pou yo ti tan epi ki p ap fè demach pou gen rezidans yo pa kalifye.

Ki moun ki kalifye

Pou w ka kalifye, ou sipoze kapab reponn wi pou kesyon sa yo:

  1. Èske w ap viv nan Eta New York?
  2. Èske ou se yon sitwayen ameriken, nasyonal, ameriken natif-natal, oswa ou se yon imigran ki legal?
  3. Èske ou gen asirans, apa Medicaid ( oswa ou pa gen asirans)?
    • Si ou gen Medicaid, ou deja gen planin familyal nan pwoteksyon asirans ou a.
  4. Èske revni ou egal ak egzijans revni pwogram lan oswa li mwens pase egzijans revni pwogram lan?
Gwosè Fanmi an Revni nan yon mwa
1 $2,526
2 $3,403
3 $4,280
4 $5,157
5 $6,035
6 $6,912
7 $7,789
8 $8,666
Pou chak moun an plis, ajoute: $878

 


Ki sa ou bezwen pou aplike

Pou aplike pou FPBP, w ap bezwen bay dokiman pou pwouve bagay sa yo:

  • Idantifikasyon ou ak laj ou: tankou yon pyès idantite ak foto, lisans chofè, paspò, sètifika natiralizasyon, oswa dosye lopital.
  • Ki kote ou abite: tankou yon lèt pwopriyetè kay ou a, yon resi lwaye ou te peye, oswa etadkont ipotèk.
  • Revni ou travay pou li ak revni ou pa te travay pou li (si genyen): tankou yon sous chèk resan oswa etadkont avantaj pou chomaj.
  • Sitwayènte oswa sitiyasyon imigrasyon ou: tankou batistè ou oswa paspò ameriken ou.
  • Asirans sante: tankou kat avantaj oswa etadkont kontra asirans la (si ou gen asirans sante).

Kouman pou aplike

  1. Chèche yon klinik planin familyal tou pre ou.
  2. Sanble tout dokiman ou yo epi pote yo nan sit pwogram nan.
  3. Fè evalyasyon fas-a-fas la epi soumèt aplikasyon an. Ou kapab enprime aplikasyon an epi ranpli li avan ou ale, oswa ranpli li sou sit la fas-a-fas.

Kòman ou kapab jwenn èd

Lòt Sèvis pou Fanmi Pwogram yo

ActionNYC

Biwo Majistra a pou Afè Imigran yo

Èd jiridik gratis epi san danje pou imigran yo

Jwenn èd jiridik pou imigrasyon gratis. Rankontre avèk yon avoka imigrasyon nan kominote w la sou opsyon ou yo.

Sant Jistis Familyal yo (FJCs)

Biwo Majistra Vil New York pou Elimine Vyolans nan Kay ak Vyolans ki baze sou Sèks

Èd pou sivivan vyolans ki fèt pandan yon randevou, vyolans nan kay akvyolans ki baze sou sèks

Nou bay konsèy ak sèvis nan tout awondisman yo pou sivivan vyolans ki fèt pandan yon randevou, vyolans nan kay ak vyolans ki baze sou sèks.

Patenarya ant Enfimyè ak Fanmi NYC (NYC NFP)

NYC Depatman Sante ak Sante Mantal

Sipò pou paran ki vini premye fwa

Enfimyè yo bay sipò pou manman k ap gen premye tibebe yo pou yo kapab pi bon paran ki posib.

À April 20, 2022