Fatherhood Initiative (Pwogram Papa) a pèmèt jèn papa ki p ap viv ak pitit yo aprann sou fason yo kapab jwe wòl papa. Papa ki genyen 18 lane yo oubyen ki genyen plis laj toujou yo kapab jwenn sèvis jesyon ka jiska sis (6) mwa epi yo kapab jwenn sèvis suivi jiska yon (1) lane.
Sèvis Fatherhood Initiative (Pwogram papa) yo se:
- Bay jèn papa yo èd nan fason yo kapab jwe wòl papa nan tèt ansanm ak guardian (reprezantan legal) timoun nan
- Kou sou konpetans nan jwe wòl papa
- Bay jèn papa yo èd nan ede yo jwenn yon travay oubyen nan ede yo ale lekòl
- Èd nan vizite timoun oubyen èd nan plasman timoun
- Ede jèn papa yo nan child support (sipò timoun)
- Fòmasyon sou medyasyon ak fason pou yo rezoud konfli
- Konsèy endividyèl ak fanmi
- Konsey papa a papa
Ki moun ki kalifye
Papa ki genyen 18 lane yo oubyen ki genyen plis laj toujou yo ki p ap viv ak pitit yo kapab patisipe. Genyen pwogram pou papa ki te enplike nan zafè ki konsène sistèm jistis kriminèl lan tou.
Kòman ou kapab jwenn èd
- Rele DYCD Youth Connect nan 800-246-4646 oubyen nan 646-343-6800 pou ou kapab konnen ki fason pou ou enskri.
- Ale sou sitwèb Fatherhood Initiative la (Pwogram Papa a) pou ou kapab jwenn plis enfòmasyon toujou
Lòt Sèvis pou Fanmi Pwogram yo
Pwogram Avantaj Planin Familyal (FPBP)
Depatman Sante Eta Nouyòk
Sèvis planin familyal konfidansyèl
Sèvis planin familyal gratis ak konfidansyèl pou adolesan, fanm, gason.
Sant Jistis Familyal yo (FJCs)
Biwo Majistra Vil New York pou Elimine Vyolans nan Kay ak Vyolans ki baze sou Sèks
Èd pou sivivan vyolans ki fèt pandan yon randevou, vyolans nan kay akvyolans ki baze sou sèks
Nou bay konsèy ak sèvis nan tout awondisman yo pou sivivan vyolans ki fèt pandan yon randevou, vyolans nan kay ak vyolans ki baze sou sèks.
Pwogram By My Side Birth Support (Pwogram Èd Kanpe Avèk Mwen Akouchman)
NYC Department of Health & Mental Hygiene (Depatman Sante & Ijèn Mantal NYC)
Èd gratis nan akouchman nan Central Brooklyn
Fanm-saj yo bay èd ki pa medikal ni anvan akouchman an, ni pandan akouchman an, ak ni aprè akouchman an.
À April 7, 2022