Fòmasyon pou travay ak travay pou jèn ki gen ti revni ki gen laj 16 rive 24 lane

Train & Earn | NYC Depatman pou jenès ak devlopman kominotè

Travay Adolesan Jenn Granmoun

Fòmasyon ak Genyen yon Revni (Train & Earn) se yon pwogram ki pa long pou jèn ki gen ti revni (16 rive 24 lane) ki p ap travay ni ki pa al lekòl yo. Fòmasyon ak Genyen yon Revni (Train & Earn) ede jèn yo amelyore kapasite yo genyen pou yo travay epi li ede yo jwenn yon travay ki pèmanan, epi li ede yo prepare HSE yo tou.

  • Pwogram Fòmasyon ak Genyen yon Revni (Train & Earn) nan ka ede ou jwenn:
    • yon travay pèmanan.
    • ekivalan Lekòl segondè (high school equivalency, HSE) si ou bezwen l.
    • edikasyon ak fòmasyon aprè lekòl segondè.
  • Ou ka enskri nenpòt lè pandan ane a.
  • Lè ou fini pwogram nan, ou ka jwenn sèvis aprè pandan apeprè 12 mwa.

Ki moun ki kalifye

Pou w ka kalifye pou Fòme epi Touche (Train & Earn), repons ou pou kesyon sa yo ta dwe ‘wi’:

  1. Èske ou se yon rezidan nan Vil New York?
  2. Èske ou gen ant 16 zan ak 24 tran?
  3. Èske ou pa lekòl epi ou p ap travay?
  4. Ou satisfè youn (1) nan kondisyon sa yo:
    • Ou se yon jèn moun ki sanzabri oswa ki sove kite kay ou
    • Ou se yon jèn nan yon fwaye dakèy oswa ou vin twò gran pou sistèm fanmi dakèy la
    • Ou te nan pwoblèm ak sistèm lajistis la
    • Ou se yon jèn ki gen yon andikap
    • Ou ansent oswa ou se yon paran
    • Revni ou ba epi ou bezwen plis èd pou antre oswa fini yon pwogram edikasyon oswa pou w jwenn oswa kenbe yon travay

Kouman pou aplike

Jwenn yon pwogram sou sitwèb DiscoverDYCD a lè w tape “Fòmasyon ak Genyen yon Revni (Train & Earn)” nan ti bwat “Rechèch Pwogram” nan. Kontakte yon pwogram ki tou pre w pou w aplike.


Kòman ou kapab jwenn èd

  • Rele DYCD Youth Connect (Koneksyon Jèn DYCD) nan 800-246-4646 si ou gen kesyon sou pwogram sa a.
  • Ale sou Sitwèb DYCD  a pou jwenn plis enfòmasyon.

Lòt Travay Pwogram yo

WorkingNYC

Biwo Majistra pou Devlopman Travayè

Pwogram Fòmasyon pwofesyonèl ak resous Vil lan.

Jwenn sèvis ak resous ki kapab ede ou prepareepi resevwa yon djòb.

Learn & Earn (Ki te rele avan Pwogram pou Jèn nan Lekòl)

NYC Depatman pou jenès ak devlopman kominotè

Preparasyon pou inivèsite/travay nan lekòl segondè

Learn & Earn ede elèv lekòl segondè yo reyisi lekòl pandan y ap prepare yo pou inivèsite ak karyè yo.

Pwogram Travay pou Jèn pandan sezon Ete (SYEP)

Depatman Jèn ak Devlopman Kominotè Vil New York (DYCD)

Fè eksperyans travay ki peye nan sezon ete pou jèn

Jiska sis (6) semèn eksperyans ki peye pou jèn ki gen ant 14-24 lane.

À June 24, 2022