Swen ak Edikasyon pou timoun ki gen 3 a 4 lane ki nan fanmi ki gen ti mwayen ekonomik.

Premye Kòmansman | Depatman Edikasyon NYC (DOE)

Gadri Timoun Piti Timoun Laj Preskolè

Pwogram Premye Kòmansman yo ofri anviwònman san danje e pozitif pou timoun ki gen 3 a 4 lane yo aprann, jwe epi devlope konpetans k ap prepare yo pou kindègadenn e pou pi lwen. Premye Kòmansman ofri tou sèvis sante, nitrisyon, ak lòt sipò pou timoun yo ak fanmi yo.

  • Pitit ou ka kòmanse yon pwogram Premye Kòmansman nenpòt ki lè pandan ane a si ou kalifye epi si gen plas ki disponib.
    • Pwogram yo gratis epi yo fonksyone pandan tout ane a pou omwen 8 èdtan pa jou.
    • Timoun ou ka resevwa manje nitrisyonèl ak egzamen sante.
  • Pwogram Premye Kòmansman la ede paran ak fanmi yo atenn objektif yo tou. Tankou travay, kay, edikasyon granmoun ak aksè ak sèvis sante.
  • Espas limite disponib tou nan pwogram Premye Kòmansman Bonè (Early Head Start), ki sèvi fanm ansent, bebe ak timoun piti.
  • Yo ofri pwogram Premye Kòmansman yo nan sant òganizasyon kominotè ak òganizasyon ki pap chache fè lajan yo ap jere.


Ki moun ki kalifye

Pi bon fason pou w konnen si fanmi w kalifye pou Pwogram Premye Kòmansman se kontakte yon pwogram dirèkteman. Fanmi ou ka kalifye si youn oswa plizyè nan sa yo aplike pou ou:

Kantite moun k ap viv nan kay la Revni pa ane
2 $21,500
3 $26,650
4 $32,150
5 $37,650
6 $43,150
7 $48,650
8 $54,150
9 $59,650
10 $65,150
Pou chak moun anplis ajoute $5.500

Gen kèk sitiyasyon kote fanmi ou ka elijib pou Premye Kòmansman, menm si ou touche pi wo a limit revni.

  • Pa egzanp: si ou depanse plis pase 30% nan revni ou pou peye lojman, pwogram Premye Kòmansman yo ka kalkile si ou toujou kalifye apre yo retire depans lojman yo. Ou dwe soumèt dokiman ki enpòtan pou pwogram Premye Kòmansman yo ka evalye sitiyasyon ou.

Kouman pou aplike

Pou w jwenn yon pwogram Premye Kòmansman ak aplike pou li:

  1. Ale sou MySchools (3-k) oswaMySchools (Pre-K).
  2. Klike sou “More Filters” (Plis filtè). Chwazi “Premye Kòmansman” ki anba “Year-Round 3-K / Pre-K Programs”
  3. Tape nan adrès akèy la pou chache yon pwogram.
  4. Kontakte yon pwogram ou enterese ak li.

 


Kòman ou kapab jwenn èd

  • Aprann plis sou Premye Kòmansman atravè NYCDOE.
  • Rele 311 epi mande pou pou “Premye Kòmansman” si w bezwen èd pou w kapab jwenn yon pwogam.

 

Lòt Gadri Pwogram yo

Koupon pou Sèvis Gadri

NYC Administrasyon pou Sèvis Timoun

Koupon pou ede kouvri frè sèvis gadri pou timoun ki gen 6 semèn jiska 13 lane yo.

Koupon pou Sèvis Gadri yo ede peye sèvis gadri lakay yon founisè kalifye oswa founisè enfòmèl tankou fanmi, vwazinaj, oswa zanmi.

NYC Child Care Connect (NYC CCC)

Depatman Sante ak Ijyèn Mantal (Department of Health and Mental Hygiene, DOHMH) Vil New York

Jwenn yon pwogram gadri ki gen lisans

Se yon resous sou entènèt ki la pou ede w rete enfòme de pwogram gadri yo nan kominote ou a.

Tibebe ak Timoun Piti

Depatman Edikasyon NYC (Department of Education, DOE)

Swen timoun gratis oswa ak yon pri ki ba pou timoun ki gen sis (6) semèn jiska de (2) lane

Sèvis gadri ak edikasyon pou timoun piti jiska 10 èdtan pa jou.

À April 1, 2025