Sant kominotè pou jèn yo ki disponib pandan tout ane an

Beacon Programs (Pwogram Beacon) | Depatman pou Jenn ak Devlopman Kominotè Vil New York (NYC Department of Youth & Community Development, DYCD)

Anrichisman Timoun ki nan Lekòl Primè Pre-Adolesan Adolesan Jenn Granmoun Gadyen

Pwogram “Beacon” yo se sant kominotè anndan lekòl yo ki la pou timoun, pou jèn, ak pou granmoun ki nan tout vil la. Yo reprezante kote ki san danje pou aktivite anmizman, pou dekouvri nouvo sant enterè, aprann nouvo talan, epi jwenn opòtinite pou kontribiye nan kominote an.

Pwogram yo fonksyone pandna tout ane a nan lè pa gen klas yo nan jou lasemèn yo, nan fen semèn yo, epi nan moman gran vakans.

  • Pwogram yo aplike nan lekòl piblik Vil New York yo, men gen kèk pwogram ki ouvè pou tout kominote an.
  • Pwogram "Beacon" yo mete aktivite ak sèvis sou pye pou timoun ki ann laj pou y ale lekòl yo, fanmi yo, ak granmoun yo, ansanm ak moun ki gen anpil laj yo.
  • Pwogram "Beacon" yo fè yon gwo efò espesyal nan objektif pou bay jèn oswa jèn adilt ki difisil pou antre nan pwogram yo angajman pou yo fè sa. Pwogram lan kouvri domèn tankou:
    • Akademik: Tankou leson patikilye, asistans nan devwa pou elèv yo fè lakay yo, gwoup lekti yo, ak edikasyon finansye.
    • Teknik pou Jesyon Lavi yo: Aktivite ki kreye pou ogmante responsabilite pèsonèl, konfyans pèsonèl ak respè pèsonèl.
    • Karyè ak Tranzisyon sòti Lekòl ale nan Travay: Opsyon sa genyen ladan li atelye sou eksplorasyon karyè, opòtinite sou preparasyon pou travay, ak èd pou tranzisyon sòti nan yon pwogram eskolè ale nan yon lòt.
    • Devlòpman Kominotè: Aktivite ki kreye pou ranfòse kapasite lidèchip yo, sansibilizasyon kominotè, ak responsabilite sivik.
    • Rekreyasyon, Sante, ak Edikasyon Fizik: Aktivite ki kreye pou fè pwomosyon pou fason moun kapab viv yon lavi ansante yo tankou pwogram kizin ak pwogram espò òganize yo.
    • Kilti ansanm ak La: Opsyon sa genyen ladan li mizik, dans, fotografi, ak teyat.

Ki moun ki kalifye

  • Timoun ak jèn moun ki genyen 5 rive 21 lane ki enskri nan lekòl yo kapab patisipe.
  • Epi tou, pwogram “Beacon” yo ofri aksè ak pwogram pou adilt pou moun ki gen plis pase 21 lane yo.

Kouman pou aplike

  • Enskripsyon an toujou ap fèt.
  • Aplike sou entènèt nan Discover DYCD. Ou kapab aplike pou plizyè pwogram nan yon sèl aplikasyon.
  • Aplike an pèsòn nan yon sant komintè Beacon. Pou w kapab jwenn yon sant ki nan zòn ou rete an:
    • Ale sou sit entènèt Discover DYCD an.
    • Ekri “Beacon” nan kazye “Program Search” [Rechèch Pwogram] lan.
    • Antre kòd postal, katye, oswa minisipalite ou an, epi klike sou “Search” [Chèche].

Kòman ou kapab jwenn èd

Lòt Anrichisman Pwogram yo

STEM Matters nan NYC

Depatman Edikasyon NYC (Department of Education, DOE)

Pwogram STEM pandan vakans

STEM Matters nan NYC ofri yon pil pwogram STEM ki enteresan, pratik pou elèv matènèl yo rive nan klas douzyèm ane yo pandan vakans prentan ak ete.

Sistèm Konplè Pou Pwogram Apre Lekòl NYC (COMPASS NYC)

Depatman Jèn ak Devlopman Kominotè NYC (DYCD)

Pwogram apre lekòl pou elèv yo

COMPASS NYC gen plizyè santèn pwogram pou jèn moun kòmanse nan klas matènèl jouk nan klas 12yèm ane.

NYC Youth Leadership Councils (Komite Jèn Lidè NYC) (YLC)

NYC Service (Sèvis NYC)

Opòtinite lidèchip pou jèn yo

Gras ak YLC (Konsèy Lidèchip pou Jèn), jèn yo kapab ede kominote yo nan fòme politik, pratik, ak pledwaye pou fè chanjman nan tout vil la.

À March 4, 2022