Pwogram STEM pandan vakans

STEM Matters nan NYC | Depatman Edikasyon NYC (Department of Education, DOE)

Anrichisman Timoun ki nan Lekòl Primè Pre-Adolesan Adolesan

STEM Matters nan NYC ofri yon pil pwogram STEM ki enteresan, pratik pou elèv matènèl yo rive nan klas douzyèm ane yo pandan vakans prentan ak ete.

  • Pandan ane 2023, STEM Matters NYC ap ofri pwogram ete ki anrichisan gratis nan enstitisyon kiltirèl nan senk (5) minisipalite yo.
  • Pwogram yo ap dewoule pandan plizyè semèn soti 10 jiyè pou rive 18 out 2023Aplikeanliy nan dat mèkredi 26 avril la.
  • Disponib pou elèv ki pral nan nevyèm jiska klas douzyèm ane nan lekòl piblik NYC ak charter an septanm 2023.
    • Elèv ki pral nan matènèl jiska nevyèm ane yo ka aplike pou kan ki ap dire yon semèn epi y ap chwazi sa k bon yo nan tiraj.
    • Elèv ki pral fè klas dizyèm ak douzyèm yo ka aplike pou pwogram k ap dire plizyè semèn epi yon kominote evalyasyon pral chwazi sa k bon yo.
  • Ou dwe aplike pou tout pwogram yo. Ou bezwen yon fòm referans yon pwofesè pou w aplike pou pwogram segondè yo.
  • Pwogram yo chita kò yo nan toulè senk (5) minisipalite yo.

Ki moun ki kalifye

Pwogram Ete yo disponib pou elèv ki pral nan matènèl jiska klas douzyèm ane nan lekòl piblik NYC ak charter an septanm 2023.


Kouman pou aplike

Aplike anliy nan dat mèkredi 26 avril la.

  • Elèv ki pral nan matènèl jiska nevyèm ane yo an septanm 2023 yo, chwazi nan tiraj.
  • Dat limit pou voye aplikasyon pou elèv ki pral nan klas dizyèm ak douzyèm yo ak tout fòm referans pwofesè a se 5 me.Yon kominote evalyasyon pral chwazi elèv yo.

Pou w poze kesyon, voye imèl nan [email protected]


Kòman ou kapab jwenn èd

Lòt Anrichisman Pwogram yo

Sistèm Konplè Pou Pwogram Apre Lekòl NYC (COMPASS NYC)

Depatman Jèn ak Devlopman Kominotè NYC (DYCD)

Pwogram apre lekòl pou elèv yo

COMPASS NYC gen plizyè santèn pwogram pou jèn moun kòmanse nan klas matènèl jouk nan klas 12yèm ane.

NYC Youth Leadership Councils (Komite Jèn Lidè NYC) (YLC)

NYC Service (Sèvis NYC)

Opòtinite lidèchip pou jèn yo

Gras ak YLC (Konsèy Lidèchip pou Jèn), jèn yo kapab ede kominote yo nan fòme politik, pratik, ak pledwaye pou fè chanjman nan tout vil la.

Lekòl ki pa NYC

Depatman Lajenès & Devlopman Kolektivite NYC (NYC Department of Youth & Community Development, DYCD)

Pwogram apre lekòl pou elèv lekòl mwayen yo

SONYC ofri divès kalite aktivite, ansanm ak aktivite sou lidèchip, aktivite sou Science Technology Engineering and Math, STEM (Syans, Teknoloji, Jeni ak Matematik), aktivite sou alfabetizasyon, aktivite sou èd akademik, aktivite sou espò, aktivite sou travay atis, ak aktivite sou plis bagay toujou.

À April 6, 2023