SONYC se yon pwogram nan lè ki pa gen lekòl pou etidyan ki nan 6èm ane, ki nan 7èm ane epi ki nan 8èm ane. Aktivite SONYC yo se dans, mizik, espò, mòd, kizin, ak plis bagay toujou.
- Jèn yo kapab patisipe gratis nan pwogram yo.
- Pwogram yo fèt pandan twa (3) èdtan chak jou, senk (5) jou pa semèn.
Ki moun ki kalifye
Tout etidyan ki abite NYC yo, ki nan 6èm ane, ki nan 7èm ane, epi ki nan 8èm ane, kalifye pou yo enskri nan pwogram SONYC yo.
Kouman pou aplike
Ou kapab itilize Esploratè DYCD (Discover DYCD) a pou ou kapab jwenn pwogram ki nan zòn ou an. Fason ou kapab kòmanse:
- Ale sou sitwèb Discover DYCD la (Esploratè DYCD a).
- Chwazi “Pwogram apre lekòl” epi klike sou “Rechèch”.
- Tape “School’s Out New York City (SONYC)” nan bwat “Keyword Search” la.
- Antre (zip code) kòd postal zòn ou an, antre non katye ou la, oubyen antre non awondisman ou lan, epi klike sou ”Search” pou ou kapab jwenn pwogram ki nan zòn ou an.
Ou ka aplike dirèkteman ak pwogram ou chwazi a.
Ou kapab kontakte pèsonèl pwogram nan ki nan lekòl pitit ou a pou ou kapab enskri li nan yon pwogram SONYC.
Kòman ou kapab jwenn èd
- Ale sou sitwèb DYCD a pou ou kapab konnen plis bagay toujou.
- Rele DYCD Community Connect nan 800-246-4646 pou ou kapab jwenn plis enfòmasyon.
- Rele pèsonèl after school program (pwogram nan lè ki pa gen lekòl) ki nan lekòl pitit ou a pou ou kapab jwenn plis enfòmasyon toujou.
Lòt Anrichisman Pwogram yo
NYC Youth Leadership Councils (Komite Jèn Lidè NYC) (YLC)
NYC Service (Sèvis NYC)
Opòtinite lidèchip pou jèn yo
Gras ak YLC (Konsèy Lidèchip pou Jèn), jèn yo kapab ede kominote yo nan fòme politik, pratik, ak pledwaye pou fè chanjman nan tout vil la.
Sistèm Konplè Pou Pwogram Apre Lekòl NYC (COMPASS NYC)
Depatman Jèn ak Devlopman Kominotè NYC (DYCD)
Pwogram apre lekòl pou elèv yo
COMPASS NYC gen plizyè santèn pwogram pou jèn moun kòmanse nan klas matènèl jouk nan klas 12yèm ane.
Cornerstone Programs (pwogram Cornerstone)
Depatman Jenn ak Devlopman Kominotè Vil New York (NYC Department of Youth & Community Development, DYCD)
Pwogram fòmasyon ak èd pou timoun ak granmoun
Pwogram ni pou timoun ni pou granmoun yo òganize nan sant kominotè lojman leta pandan tout ane a.
À April 8, 2022