Sipò pou akouchman gratis pou paran yo nan Brooklyn

Healthy Start Brooklyn | NYC Department of Health & Mental Hygiene (Depatman Sante & Ijèn Mantal NYC)

Sèvis pou Fanmi Adolesan Gadyen

Paran ansent ki ap tann yon tibebe oswa ki te fè yon tibebe dènyèman kapab jwenn sèvis Doula gratis oswa suiv kou ki montre yo fason pou yo okipe tèt yo ak tibebe yo a.

  • Doula yo se pwofesyonèl ki resevwa fòmasyon epi ki bay sipò emosyonèl ki pa medikal, sipò nan enfòmasyon, ak sipò fizik anvan, pandan ak apre akouchman an.
  • Sipò doula a pèmèt ou gen tranche ki pi kout, li fè ou fè eksperyans akouchman ki pi bon, ak tibebe ki pi an sante.
  • Kou yo gen ladan yo: fòmasyon sou akouchman, swen tibebe ki fenk fèt, sekirite timoun, resisitasyon kè ak poumon, elatriye.
  • Nouvo papa ak papa ki ap tann tibebe yo kapab antre nan gwoup Papa a pou yo jwenn èd pou yo kenbe bonjan relasyon ak amelyore konpetans yo antanke paran.

Ki moun ki kalifye

Healthy Start Brooklyn

Nenpòt paran ki ap tann tibebe ki abite Brooklyn kapab patisipe nan kou yo gras ak Healthy Start Brooklyn.

Pwogram ki An Rapò yo

Healthy Start ofri tou vizit adomisil ak jesyon ka nan pwogram doula li a, By My Side Birth Support Program (Pwogram Sipò Kanpe Avèk Mwen Nan Akouchman), pwogram sipò pou jwe wòl paran, Excellence Baby Academy. Pou w enskri nan pwogram sa yo, ou dwe:

  • Elijib pou Medicaid
  • Ap viv nan youn nan kòd postal sa yo: 11207, 11212, 11233, 11208, 11216, 11221

Kouman pou aplike


Kòman ou kapab jwenn èd

  • Ale sou sitwèb Healthy Start Brooklyn lan pou w jwenn plis enfòmasyon sou kou yo, doula yo ak lòt sèvis yo.
  • Rele Healthy Start Brooklyn nan 718-637-5231 pou w poze kesyon.
  • Voye kesyon ou yo nan imèl bay [email protected].
  • Rele 311 epi mande pou “Healthy Start Brooklyn,” “By My Side Birth Support Program,” oswa “sèvis doula ki gratis yo”.

Lòt pwogram yo nan tout vil la ofri doula gratis tou pou bay sipò pandan ak apre akouchman.

Tout kòd postal Brooklyn yo

Bronx, Queens ak Manhattan

Staten Island

Lòt Sèvis pou Fanmi Pwogram yo

ActionNYC

Biwo Majistra a pou Afè Imigran yo

Èd jiridik gratis epi san danje pou imigran yo

Jwenn èd jiridik pou imigrasyon gratis. Rankontre avèk yon avoka imigrasyon nan kominote w la sou opsyon ou yo.

Pwogram Avantaj Planin Familyal (FPBP)

Depatman Sante Eta Nouyòk

Sèvis planin familyal konfidansyèl

Sèvis planin familyal gratis ak konfidansyèl pou adolesan, fanm, gason.

Sant Jistis Familyal yo (FJCs)

Biwo Majistra Vil New York pou Elimine Vyolans nan Kay ak Vyolans ki baze sou Sèks

Èd pou sivivan vyolans ki fèt pandan yon randevou, vyolans nan kay akvyolans ki baze sou sèks

Nou bay konsèy ak sèvis nan tout awondisman yo pou sivivan vyolans ki fèt pandan yon randevou, vyolans nan kay ak vyolans ki baze sou sèks.

À April 21, 2022