Genyen plis pase 700 pwogram ki nan plis pase 400 lekòl segondè piblik ak 9 lekòl segondè espesyalize nan Vil New York. Pandan admisyon yo, etidyan 8yèm ane yo ak etidyan nan 9yèm ane pou premye fwa yo kapab aplike nan jiska 12 lekòl segondè yo ta renmen ale ladan yo.
Aplikasyon lekòl segondè a fèmen kounye a.
- Elèv ki enterese n lekòl segondè ki espsyalize yo ta dwe pase yon odisyon oswa enskri pou yon tès admisyon an oktòb.
- Elèv ki gen andikap yo ak sa k ap Aprann Lang Anglè yo (ELL) ka aplike nan nenpòt pwogram lekòl segondè.
- Lis kontwòl aksyon lekòl segondè yo kapab ede ou swiv dat kle yo.
Ki moun ki kalifye
Pou ou elijib pou ou aplike pou yon lekòl segondè piblik nan Vil New York, ou ta dwe anmezi pou ou reponn wi pou kesyon sa yo:
- Èske w se yon rezidan Vil New York?
- Èske aktyèlman ou se yon elèv 8yèm oswa yon elèv 9yèm ane pou premye fwa?
Pandan peryòd aplikasyon an, n ap akeyi tout elèv annapre yo pou yo aplike:
- Aktyèl elèv distri piblik yo ak lekòl ak chat yo,
- Elèv lekòl prive oswa lekòl pawasyal yo,
- Elèv ki lekòl lakay yo,
- Elèv ki gen andikap yo ak elèv ki gen bezwen aksè yo,
- Elèv ki soti nan fanmi imigran yo oswa k ap aprann anglè,
- Elèv ki nan lojman tanporè,
- Elèv LGBTQ yo ak sa ki pa respekte kesyon sèks yo, ak
- Elèv avèk timoun.
Kouman pou aplike
Aplikasyon lekòl segondè a fèmen kounye a.
Pou aplike pou admisyon nan yon lekòl segondè piblik:
- Vizite MySchools epi kreye yon kont. Epi w ap bezwen yon kòd pou ou kapab kreye yon kont, ki ap vini jwenn ou nan yon Lèt Byenvini pa lapòs lakay ou oubyen ki disponib pou ou pase pran nan yonFamily Welcome Center (Sant Akèy Familyal).
- Itilize MySchools pale ak konseye pedagojik ou a pou ou kapab chache konnen kisa ki nan program lekòl segondè yo selon sa ki enterese ou, selon pozisyon ou, ak lòt bagay ankò.
- Chwazi jiska 12 opsyon pou ou kapab ajoute nan aplikasyon ou an selon vrè lòd priyorite w la, epi depoze li nan dat limit la.
Si ou fenk vin abite Vil New York, pase nan yon Family Welcome Center (Sant Akèy Familyal) pou ou kapab enskri.
Si ou vle aplike pou yon lekòl segondè ki espesyalize, enskri sou MySchools pou ou kapab pase yon tès oubyen pou ou kapab pase yon odisyon.
Aprann kijan pou kreye yon kont MySchools epi pitit ou an.
Kòman ou kapab jwenn èd
- Ale sou Sit entènèt Depatman Edikasyon an pou ou kapab konnen plis bagay toujou sou lekòl segondè Vil New York yo.
- Ale sou Gid Admisyon nan Lekòl Segondè Vil New York pou ou kapab konnen plis bagay sou admisyon yo.
- Rele 718-935-2009 oswa voye yon imèl nan [email protected] si ou kesyon konsènan aplikasyon nan lekòl segondè.
- Pase nan yon Family Welcome Center (Sant Akèy Familyal) pou ou kapab jwenn èd an pèsòn.
Lòt Edikasyon Pwogram yo
Middle School (Lekòl Primè)
NYC Department of Education (Depatman Edikasyon NYC)
Lekòl piblik: Klas 6yèm - 8yèm
Fason ou kapab konnen plis bagay sou pwosesis Middle School Admissions (Admisyon nan Lekòl Primè) a.
Accelerated Study in Associate Programs (Etid Akselere nan Pwogram Asosye) (CUNY ASAP)
Inivèsite Vil New York la (City University of New York, CUNY)
Fason yo ede ou jwenn diplòm CUNY ou an
Etidyan CUNY yo kapab jwenn èd finansye, èd akademik, ak èd pèsonèl ki pou pèmèt yo fini etid ki ap pèmèt jwenn diplòm asosye yo a.
Fòmasyon Pwofesyonèl & Fòmasyon Teknik (Career and Technical Education) (CTE)
Depatman Edikasyon Vil New York (NYC Department of Education, DOE)
Fòmasyon pwofesyonèl pou etidyan
Etidyan yo ka suiv fòmasyon pwofesyonèl pratik menm pandan y ap fini etid segondè yo oswa ekivalans etid segondè (High School Equivalency, HSE) yo.
À March 31, 2022