NYC 988 bay aksè pou w ka jwenn èd pou sante mantal prive, gratis ti cheri. Pale ak yon konseye atravè telefòn, atravè mesaj, oubyen tchat avè l pou w ka jwenn aksè pou w jwenn sante mantal ak sèvis pou moun k ap pran dwòg.
- Pou pale ak yon konseye nenpòt lè.
- Tchat anliy sou sitwèb NYC 988 la..
- Rele nan 988. Lè w prè, peze 1 pou Sipò pou ansyen sòlda, 2 pou espanyòl, oubyen 3 pou sipò pou LGBTQI+ si w gen pi piti pase 25 lane.
- Voye mesaj tèks bay 988. Ekri "AYUDA" pou espanyòl, oubyen "Q" pou sipò pou LGBTQI+ si w gen pi piti pase 25 lane.
- Voye yon mesaj bay 838255 si ou se yon ansyen sòlda k ap chache sipò.
- Rele nan 711 answit rele nan 988 si w bezwen sèvis relè pou moun ki soud oubyen ki pa tande byen.
- Si ou an danje imedyat oswa ou blese grav, rele 911.
- Voye mesaj tèks bay 988. Ekri "AYUDA" pou espanyòl, oubyen "Q" pou sipò pou LGBTQI+ si w gen pi piti pase 25 lane.
- Èd disponib nenpòt lè, nenpòt jou, avèk:
- estrès, depresyon, ak kè sote.
- jwenn konsèy alontèm.
- itilizasyon alkòl ak lòt dwòg.
- konekte ak espesyalis sipò nan men moun ki te viv menm eksperyans la.
- prevansyon swisid ak konsèy pou kriz.
- referans pou plis sèvis.
- Konseye yo pale angle, panyòl ak chinwa. Gen sèvis entèpretasyon disponib nan plis pase 200 lang tou.
Ki moun ki kalifye
Tout moun k ap viv New York yo ka pale ak yon konseye epi itilize sèvis NYC 988 la, san n pa gade sou nasyonalitye moun nan oubyen sou estati migratwa l. Ou ka jwenn aksè nan sèvis yo touswit epi nenpòt ki lè.
Kòman ou kapab jwenn èd
Ale sou sit entènèt la
Tchat ak yon konseye anliy nenpòt lè sou sitwèb NYC 988 la.
W ap jwenn plis sèvis sante mantal sou sitwèb NYC 988 la.
Ou ka jwenn aplikasyon mobil gratis pou ede w jere sante w ak byennèt emosyonèl ou tou.
Lòt Sante Pwogram yo
NYC Care
NYC Health + Hospitals (NYC H+H)
Aksè an swen sante gratis oswa pou yon ti kras kòb
Swen sante konplè pou tout rezidan Vil New York, kèlkeswa mwayen yo genyen pou peye oswa sitiyasyon yo ak imigrasyon.
Sèvis tretman pou pasyan ekstèn
Depatman Sante & Ijèn Mantal NYC (NYC Department of Health & Mental Hygiene, DOHMH)
Swen sante mantal pou jèn
Èd pou jèn ki genyen pwoblèm emosyonèl, ki genyen pwoblèm konpòtman, epi ki genyen pwoblèm sante mantal yo.
Primary and Preventive Health Care (Swen Sante Prevantif ak Premye Swen)
NYC Health + Hospitals (NYC H+H)
Swen sante pou timoun
Ni timoun ni jèn moun kapab jwenn swen sante ak trètman pou maladi.
À December 12, 2023