Moun ki genyen pi piti pase 21 lane yo kapab jwenn swen sante nan klinik Child Health (Sante pou Timoun) oubyen yo kapab jwenn swen sante nan klinik espesyal ki nan lopital. Timoun yo kapab jwenn ekzamen medikal, yo kapab jwenn piki, yo kapab jwenn swen dantè, ak plis bagay toujou. Pase nan yon klinik Child Health (Sante pou Timoun) pou ou kapab ede fanmi ou rete ansante.
- Timoun yo kapab jwenn swen sante nan School-Based Health Centers (Sant Sante ki nan Lekòl) tou.
- Tout timoun kapab jwenn swen, san yo pa gade sou si ou kapab peye oubyen san yo pa gade sou estati imigran ou.
- NYC Health + Hospitals kapab ede fanmi ou jwenn yon asirans si li bezwen.
- Jèn ki genyen 12 lane al p[i plis yo kapab jwenn sèvis sante seksyèl ak sèvis sante repwodiksyon anprive san konsantman paran oswa responsab legal yo nan Sant YouthHealth yo.
Ki moun ki kalifye
- Tout jèn ki abite NYC yo kalifye pou yo jwenn swen sante san yo pa gade sou estati imigrasyon yo oubyen san yo pa gade sou si yo kapab peye.
- Pou sèvis premye swen yo, jèn nan dwe mennen yon paran li oubyen li dwe mennen yon guardian (responsab legal) li nan premye vizit la. Yo kapab fè yo siyen yon fòmilè pou yo kapab vini pou kò yo nan lòt vizit yo.
Kouman pou aplike
NYC Health + Hospitals genyen sant nan tout senk (5) katye yo. Itilize location finder a (lokalizatè pozisyon an) pou ou kapab jwenn yon sant ki pre ou epi rele pou ou kapab pran yon appointment (rendevou).
Kòman ou kapab jwenn èd
- Ale sou sitwèb NYC Health + Hospital child health (swen sante pou timoun nan NYC Health + Hospital) la pou ou kapab jwenn plis enfòmasyon toujou.
- Chache yon lokal sant sante pou timoun ki pre ou pou ou kapab jwenn èd swa anpèsòn swa pa telefòn.
Lòt Sante Pwogram yo
NYC Care
NYC Health + Hospitals (NYC H+H)
Aksè an swen sante gratis oswa pou yon ti kras kòb
Swen sante konplè pou tout rezidan Vil New York, kèlkeswa mwayen yo genyen pou peye oswa sitiyasyon yo ak imigrasyon.
NYC 988
Depatman Sante ak Ijyèn Mantal (Department of Health and Mental Hygiene, DOHMH) NYC
Pale, ekri mesaj, oubyen tchat pou w ka jwenn èd pou sante mantal
Sèvis sante mantal gratis ak prive nan konvèsasyon, tèks oswa tchat disponib nenpòt lè pou oumenm oswa yon moun ou gen sousi pou li.
NYC Youth Health (Sante pou Jèn NYC)
NYC Health + Hospitals (NYC H+H)
Sèvis sante pou jèn
Si ou genyen 12 lane oubyen si ou genyen plis laj toujou epi ou ap chache swen sante, NYC Health + Hospitals ap ede ou.
À March 2, 2022