Fòmasyon travay avanse ak travay pou jèn ki gen laj 16 rive 24 lane

Advance & Earn (Avanse & Genyen yon Revni) | NYC Department of Youth & Community Development (Depatman Lajenès & Devlopman Kolektivite NYC)

Edikasyon Adolesan Jenn Granmoun

Advance & Earn se yon nouvo pwogram fòmasyon ak anplwa pou jèn ki genyen ant 16 ak 24 lane.  Li pral ede fè avanse karyè ou atravè konpetans literè ak matematik, preparasyon konplè tès Ekivalans nan Lekòl Segondè (High School Equivalency, HSE), fòmasyon pwofesyonèl ak estaj peye.

  • Gen de gwoup pwogram chak ane. Ou ka aplike nenpòt lè pou pwochen gwoup la.
  • Fòmasyon avanse yo disponib nan sèvis sante, sèvis medikal, sèvis konstriksyon, sèvis gastwonomik ak sèvis pwofesyonèl.
  • Ou pa bezwen yon sitwayen Ameriken pou w patisipe.
  • Pwogram nan disponib pou Elèv k ap Aprann Lang Angle (English Language Learner, ELL).

Ki moun ki kalifye

Pou ou kapab kalifye pou pwogram Fòmasyon & Genyen Yon Revni (Train & Earn), ou dwe kapab reponn wi pou kesyon sa yo:

  1. Èske w se yon rezidan Vil Nouyòk?
  2. Èske w gen 16 rive 24 lane?
  3. Èske ou pa lekòl? (sètadi, ou poko gradye nan lekòl segondè, ou pa gen ekivalan ak yon diplòm ekivalan lekòl segondè)
  4. Èske w pa ap travay?
  5. Èske ou gen otorizasyon legal pou w travay nan Vil Nouyòk?
  6. Èske w vle angaje w pou sis (6) mwa nan pwogram nan?

Kouman pou aplike

Jwenn yon pwogram sou sitwèb DiscoverDYCD a lè w tape “Avanse & Genyen yon Revini (Advance & Earn)” nan ti bwat “Rechèch Pwogram” nan. Kontakte yon pwogram ki tou pre w pou w aplike.


Kòman ou kapab jwenn èd

Lòt Edikasyon Pwogram yo

Lekòl Matènèl ak Lekòl Elemantè

Depatman Edikasyon (Department of Education, DOE) NYC a

Lekòl piblik: Matènèl - 5yèm ane

Enskri pitit ou a nan matènèl lè li genyen senk (5) lane. Aprann konnen opsyon lekòl elemantè ou yo.

We Speak NYC (WSNYC)

Biwo Majistra a pou Afè Imigran yo (Mayor's Office of Immigrant Affairs, MOIA)

Konvèsasyon an anglè ak pwogram aprantisaj

Kou gratis ak materyèl pou w ka familyarize w ak sèvis Vil la epi amelyore anglè ou.

3-K (3-K)

Depatman Edikasyon NYC (Department of Education, DOE)

Edikasyon preskolè pou timoun ki gen twa (3) lane

Yon edikasyon gratis, tout jounen epi bon kalite pou timoun ki gen 3 zan nan vil New York.

À June 24, 2022