Fanmi ou kapab jwenn lajan kach si nou nan bezwen. Lajan an vini nan yon kat debi ou kapab itilize nan nenpòt machin ATM oswa kote yo aksepte kat EBT yo.
- W ap bezwen bay prèv idantite ou, kote ou abite, ak revni ou, ak sitiyasyon ou ak imigrasyon.
- Fòk ou se yon sitwayen ameriken oswa sitiyasyon ou ak imigrasyon legal pou w resevwa Asistans ak Lajan Kach; yon travayè pral ede ou konnen sitiyasyon ou lè ou aplike.
- Si ou kapab travay, ou bezwen swa ap travay, nan yon pwogram edikasyon oswa fòmasyon, oswa ap patisipe nan yo pwogram yo mete ou pou w ka jwenn Asistans ak Lajan Kach.
Ki moun ki kalifye
Pwogram sa a gade plizyè bagay avan yo deside si ou kalifye. Kèk nan yo gen ladan yo:
- konbyen lajan w ap fè
- konbyen lajan ou resevwa nan asistans
- konbyen moun k ap viv lakay ou
- resous tankou lajan kach ak kont ou gen labank
- sitwayènte ou ak sitiyasyon ou ak imigrasyon
Ki sa ou bezwen pou aplike
Pou aplike pou Asistans ak Lajan Kach, w ap bezwen pwouve bagay sa yo:
- Idantifikasyon ou: tankou yon pyès idantite ak foto, lisans chofè, paspò, sètifika natiralizasyon, oswa dosye lopital.
- Ki kote ou abite: tankou yon lèt pwopriyetè kay ou a, yon resi lwaye resan ou te peye, kontra kay, oswa etadkont ipotèk.
- Revni ou (si genyen): tankou yon sous chèk resan, dosye biznis, dènye deklarasyon taks sou revni, oswa yon etadkont Avantaj Asirans Chomaj.
- Sitwayènte oswa sitiyasyon imigrasyon ou: tankou batistè, paspò ameriken, oswa dosye sèvis militè.
Gade nan gid dokiman Asistan ak Lajan Kach la pou wè ki lòt bagay ou te ka itilize kòm prèv.
Kouman pou aplike
Aplike sou entènèt
- Aplike sou ACCESS HRA. Ou kapab aplike pou Èd Lajan Kach, SNAP, Renouvèlman Medicaid an menm tan atravè aplikasyon Èd Lajan Kach la.
- Sèvi ak aplikasyon mobil ACCESS HRA a pou w swiv pwogrè aplikasyon w lan oswa pou w voye dokiman yo.
- N ap kontakte ou pou yon entèvyou nan telefòn. Ou ka vizite yon sant HRA tou pou yon entèvyou fas-a-fas.
Aplike pa lapòs
- Enprime aplikasyon an epi ranpli li.
- Voye li pa lapòs oswa lage li nan Drop Box yon Sant Travay HRA.
- N ap kontakte ou pou yon entèvyou nan telefòn. Ou ka vizite yon sant HRA tou pou yon entèvyou fas-a-fas.
Aplike fas-a-fas
Vizite yon Sant Travay HRA ki louvri pou w ka aplike. L ap ede w si w pote prèv idantite w, kote w ap viv, ki moun ki abite avèk ou ak revni w. Yon travayè ap di ou kilès nan bagay sa yo ou dwe pwouve.
Kòman ou kapab jwenn èd
- Vizite sitwèb Asistans ak Lajan Kach la pou aprann plis sou pwogram sa a.
- Rele HRA nan 718-557-1399 pou plis enfòmasyon.
Lòt Lajan kach ak depans Pwogram yo
Kredi Enpo pou Responsablite Timoun ak Depandan:
Depatman Pwoteksyon Konsomatè ak Travayè (Department of Consumer and Worker Protection, DCWP) Vil New York / Sèvis Enpo (Internal Revenue Service, IRS)
Ranbousman taks si ou te peye pou swen timoun ak depandan
Kredi enpo si ou te peye yon moun pou pran swen pitit ou oswa yon moun ki sou responsablite ou pandan ou t ap travay oswa ou t ap chache travay.
Kredi taks timoun: (CTC)
Depatman Pwoteksyon Konsomatè ak Travayè (Department of Consumer and Worker Protection, DCWP) Vil New York / Sèvis Enpo (Internal Revenue Service, IRS)
Kredi sou taks pou fanmi ki genyen timoun
Pou ane taks 2022 a, fanmi yo kapab reklame kredi enpo jiska $2,000 pou chak depandan ki poko gen 17 tan.
À May 16, 2022