NYC Child Care Connect ap ede w jwenn yon pwogram gadri nan kominote w la. Se Depatman Sante Vil New York ki enspekte epi regilarize tout pwogram yo. Ou kapab anrejistre pou w resevwa notifikasyon konsènan adrès espesifik gadri yo.
- Chèche dosye enspeksyon yo epi konpare tout sant gadri yo nan vil la.
- Anrejistre pou w ka resevwa notifikasyon tèks oswa imel konsènan adrès espesifik gadri yo.
- Aprann plis konsènan gadri ki sibvansyone yo nan ACCESS NYC.
- Dekouvri pwogram gadri ke New York reglemante yo nan Biwo Vil New York pou Sèvis Timoun ak Fanmi yo.
Kouman pou aplike
Itilize NYC Child Care Connect pou w jwenn yon pwogram gadri ki gen lisans nan katye ou a, Kontakte founisè ou a pou w jwenn enfòmasyon sou kouman pou w aplike.
Kòman ou kapab jwenn èd
Rele 311 pou w rapòte tout sit ou panse ki reprezante yon danje, ki pa bon pou lasante oswa ki ap fonksyone yon mannyè kip a legal. Mande pou w fè yon plent kont yon gadri.
Lòt Gadri Pwogram yo
Koupon pou Sèvis Gadri
NYC Administrasyon pou Sèvis Timoun
Koupon pou ede kouvri frè sèvis gadri pou timoun ki gen 6 semèn jiska 13 lane yo.
Koupon pou Sèvis Gadri yo ede peye sèvis gadri lakay yon founisè kalifye oswa founisè enfòmèl tankou fanmi, vwazinaj, oswa zanmi.
Tibebe ak Timoun Piti
Depatman Edikasyon NYC (Department of Education, DOE)
Swen timoun gratis oswa ak yon pri ki ba pou timoun ki gen sis (6) semèn jiska de (2) lane
Sèvis gadri ak edikasyon pou timoun piti jiska 10 èdtan pa jou.
Living for the Young Family Through Education (Lavi pou Jèn Fanmi yo Atravè Edikasyon)
NYC Department of Education/District 79 (Depatman Edikasyon NYC/Distri Eskolè 79)
Edikasyon timoun piti gratis pou pitit paran-elèv yo
Paran-elèv yo ka jwenn edikasyon timoun piti gratis pou pitit yo ki gen 6 semèn pou rive 4 lane.
À February 1, 2022