Koupon pou gadri yo ede peye frè pou gadri timoun ki gen apati 6 semèn jiska 13 lane yo. Yo kouvri timoun ki gen jiska 19 lane epi ki gen andikap yo tou. Santèn founisè kay ak sant ki baze Nouyòk aksepte bay timoun yo koupon pou bon jan swen an sekirite e nan yon anviwonman pozitif kote li ap aprann.
- Koupon yo kouvri kèk oswa tout frè sèvis gadri timoun ou an. Pifò fanmi oblije peye yon pati nan frè an selon revni ak valè moun ki gen nan fanmi yo an. Koupon ou an pral kouvri tout frè yo si ou:
- se yon fanmi k ap resevwa èd asistans lajan kach
- se yon.fanmi ki gen pwoblèm kote pou rete (sanzabri)
- se yon paran adoptif
- Ou ka itilize yon koupon pou peye sèvis gadri lakay yon founisè kalifye oswa founisè enfòmèl ki apwouve tankou fanmi, vwazinaj, oswa zanmi.
- Pitit ou an kapab kòmanse yon pwogram sèvis gadri nenpòt lè pandan ane a.
- Kalifikasyon chita sou revni fanmi w, valè moun ki nan fanmi an, ak lòt bezwen yo.
- Paran yo pa oblije se sitwayen ameriken yo ye. Sepandan, timoun lan k ap resevwa swen an dwe sitwayen ameriken, yon resòtisan ameriken, oswa ou genyen yon estati imigrasyon ki rezonab?
- Disponibilite koupon yo depann sou finansman
Ki moun ki kalifye
Gen posiblite pou kalifye pou yon koupon si moun lakay ou benefisye Èd Lajan Kach oswa si yo se sanzabri Gen posiblite pou ou kalifye tou si ou touche mwens pase revni yo montre anba a:
Kantite Moun ki nan Kay la | Revni Kay la pa Mwa |
2 | $4,578 |
3 | $5,760 |
4 | $6,939 |
5 | $8,118 |
6 | $9,300 |
7 | $10,479 |
8 | $10,725 |
Ou ap bezwen genyen tou youn nan “rezon pou swen” sa yo:
- Ou travay pandan 10 èdtan oswa plis pa semèn
- Ou nan yon pwogram edikasyon oswa yon pwogram fòmasyon pwofesyonèl.
- Ou ap chache travay
- Ou ap viv nan yon lojman tanporè (aksè priyorite)
- W ap swiv sèvis pou vyolans domestik.
Kouman pou aplike
W ap jwenn opsyon pou w aplike yo la:
- Aplike anliy pandan w ap itilize MyCity app.
- Voye aplikasyon ou an pa lapòs
- Telechaje epi konplete fòm aplikasyon an.
- Voye fòm ou an konplè ak dokiman yo pa lapòs:
NYC Children – EDU
PO Box 40, Maplewood, NJ 07040
- Si ou fè pati youn nan gwoup sa yo, gade enstriksyon espesyal sa yo pou aplike pou koupon gadri:
- Se yon fanmi ki gen pwoblèm kote pou rete
- Se yon fanmi ki ap oswa t ap resevwa Èd Lajan Kach
- Se yon fanmi ki resevwa sèvis byennèt timoun
- Yon paran akèy ki ap travay
Kòman ou kapab jwenn èd
- Ale sou sit entènèt ACS la pou ou kapab konnen plis bagay toujou.
- Si ou genyen kesyon, rele sant apèl ACS CFWB nan 212-835-7610.
- Chèche pwogram sèvis gadri yo sou Rezo Gad Timoun nan vil New York (NYC Child Care Connect) oswa atravè paj Biwo Eta Sèvis Timoun ak Fanmi (State’s Office of Children and Family Services).
Lòt Gadri Pwogram yo
Konje Familyal yo Peye nan Eta New York (PFL)
Komisyon Konpansasyon Travayè nan Eta New York
Konje yo peye pou moun nan ka pran swen fanmi li
Jiska 12 semèn konje yo peye pou moun nan ka pran swen yon nouvo timoun, yon manm fanmi ki malad, epi pou lòt sitiyasyon.
NYC Child Care Connect (NYC CCC)
Depatman Sante ak Ijyèn Mantal (Department of Health and Mental Hygiene, DOHMH) Vil New York
Jwenn yon pwogram gadri ki gen lisans
Se yon resous sou entènèt ki la pou ede w rete enfòme de pwogram gadri yo nan kominote ou a.
Tibebe ak Timoun Piti
Depatman Edikasyon NYC (Department of Education, DOE)
Swen timoun gratis oswa ak yon pri ki ba pou timoun ki gen sis (6) semèn jiska de (2) lane
Sèvis gadri ak edikasyon pou timoun piti jiska 10 èdtan pa jou.
À April 6, 2023